Accessibility links

Breaking News

Deklarasyon Prezidan Konsèy Sekirite l ONU an, Anbasadè Etazini an, sou Ayiti


Konsèy Sekirite l ONU
Konsèy Sekirite l ONU

Nan kòmansman jounen mèkredi 24 mas 2021 an, aktyèl prezidan Konsèy Sekirite Oganizasyon Nasyon Zini an, anbasadè ameriken an, fè yon deklarasyon sou Ayiti kote li ankouraje tout aktè ki sou teren an travay ansanm pou yo rezoud pwoblèm ki poze nan peyi a. Li swete tout kondisyon va reyini pou siksè pwochen pwosesis elektoral la ki dwe debouche sou chwa nouvo eli lokal yo, nouvo manm palman an ak yon nouvo Prezidan de La Repiblik. Men kèk ekstrè deklarasyon an.

"Konsèy Sekirite a pran akt de rapò Sekretè Jeneral la te prezante nan dat 11 fevriye pase a (S/2021/133) ak obsèvasyon ki nan rapò a, epi konsèy la reafime apui li pou efò Biwo Entegre Nasyonzini an ann Ayiti (BINUH) ap deplwaye.

Konsèy Sekirite a fè konnen li gen gwo kèsote konsènan kriz politik, konstitisyonèl, imanitè ak sekirite a ann Ayiti; epi, pandan li raple rezolisyon 2547 (2020) ak 2476 (2019), li ensiste sou prensipal responsablite gouvènman ayisyen an pou l fè fas ak faktè ki pwovoke enstablite a.

Konsèy Sekirite a ensiste pou l di volonte demokratik pèp ayisyen an dwe respekte, e li souliyen nesesite pou otorite yo poze pwoblèm sekirite, transparans ak lojistik ki lye ak pwochen pwosesis elektoral la. Konsèy Sekirite a repete bezwen ijan ki genyen pou responsab yo òganize eleksyon lejislatif lib, onèt, transparan e kredib -eleksyon ki te dwe fèt depi mwa d oktòb 2019. An menm tan, Konsèy Sekirite a lanse lide pou tout preparasyon fèt pou eleksyon prezidansyèl lib, onèt, transparan ak kredib dewoule pandan ane 2021 an.

Konsèy Sekirite a bay tout pati konsène yo an Ayiti konsèy pou yo mete mezantant yo sou kote nan enterè pèp ayisyen an, pou yo mete tèt yo ansanm yon fason konstriktif pou fasilite òganizasyon pwochen eleksyon yo epi garanti ke eleksyon sa yo dewoule nan yon anviwonnman pasifik, pandan li mande kominote entènasyonal la apiye Ayiti nan demach sa a.

Konsèy Sekirite a rekonèt wòl enpòtan peyi vwazen yo ak òganizasyon rejyonal yo -tankou Kominote Karayib la (KARIMOM) ak Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA); e, pandan l ap ensiste sou enpòtans efò amonize, kowòdone e ranfòse, li ankouraje antite sa yo pou yo kontinye rete angaje aktivman ann Ayiti; nan sans sa a, li byen akeyi desizyon KARIKOM pran pou l voye yon misyon obsèvatè al kore efò l’ONU yo.

Konsèy Sekirite a reafime apui li pou pèp ayisyen an e li atire atansyon sou enpòtans nesesite pou kominote entènasyonal la kontinye apiye Ayiti nan moman peyi sa a ap chache fè fas ak defi ijan ki devan li yo epi kreye kondisyon pou dewoulman eleksyon pasifik e demokratik.

Konsèy Sekirite a ankouraje yon kolaborasyon ak yon kowòdinasyon sere-sere ant BINUH ak Ekip Nasyon Zini an ann Ayiti avèk objektif pou yo ede gouvènman ayisyen an asime responsablite pou l reyalize yon stabilite dirab, devlopman ak oto-sifizans ekonomik peyi a."

XS
SM
MD
LG