Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: Ti Dife Boule ant Prezidan Donald Trump ak Ansyen Konseye li, Omarosa M. Newman

Foto sa a montre Donald Trump --ki te fèk ranpòte eleksyon primè Pati Repibliken an pou l tounen ofisyèlman kandida a la prezidans-- avèk Omarosa Manigault Newman, pandan yo t ap asiste yon sèvis relijye nan vil Detroit, Eta Michigan, le 3 septanm 2016. (Foto-Achiv).

<< Gen anpil zak koripsyon k ap dewoule nan Lamezon Blanch e m ap denonse anpil nan zak sa yo. >>

Se konsa yon ansyen konseye Prezidan Donald Trump, ki rele Omarosa Manigault Newman, pale aprè chèf pèsonèl palè a, ansyen jeneral John Kelly, te revoke li nan mwa desanm 2017. Amarosa (tankou laprès amerikèn rele li) ap fè pwomosyon pou yon liv li ekri sou eksperyans li kòm pwòch kolaboratris Misye Trump. Li di li gen yon “tape” kote li te anrejistre an sekrè sa li konsidere kòm deklarasyon rasis Prezidan Donald Trump ta fè sou minorite yo Ozetazini.

Sou kèk ekstrè nan anrejistreman an ke ansyen konseye a pibliye, moun kapab tande konvèvasyon li te genyen ak Misye Kelly nan yon sal kote otorite yo nan La Mezon Blanch pale pawòl sekrè; nan diskisyon sa a –ki te dewoule avan chèf pèsonèl la te revoke Amarosa, yo te abòde kèk kesyon enpòtan.

Omarosa Manigault Newman nan yon kanpay piblisite pou pwogram televizyon 'The Apprentice' nan vil New York. Donald Trump sete animatè prensipal pwogram sa a. (Foto Achiv).
Omarosa Manigault Newman nan yon kanpay piblisite pou pwogram televizyon 'The Apprentice' nan vil New York. Donald Trump sete animatè prensipal pwogram sa a. (Foto Achiv).

Analis yo poze kesyon sou egzistans yon anrejistreman ki te fèt an kachèt nan yon sal kote pèsonn pa gen dwa antre ak yon "kasèt tape". Daprè pòt-pawòl Mezon Blanch la, Madam Sanders, anrejistreman sa a se yon mepri flagran pou sekirite nasyonal peyi a e li denonse Omarosa ki, nan je li, aji jan l aji a paske li pa t kontan deske yo te revoke l nan djòb la.

Pòt-pawòl Lamezon Blanch la, Sarah Sanders, pa t vle pale de antant yon anplwaye siyen avan li kòmanse travay nan Lamezon Blanch pou l pa janm pibliye anyen sou sa k te pase nan palè a pandan li t ap travay la. Madam Sanders di:

<< Akò sa a se yon dokiman nòmal. Gouvènman pase yo te fè nouvo anplwaye yo siyen li…sitou anplwaye ki kalifye pou yo pran kontak avèk enfòmasyon top sekrè gouvènman an. >>

Sarah Huckabee Sanders, pòtpawòl La Mezon Blanch, konferans pou laprès 14 out 2018.
Sarah Huckabee Sanders, pòtpawòl La Mezon Blanch, konferans pou laprès 14 out 2018.

Omarosa di li te resevwa yon òf 15 mil dola pa mwa apre revokasyon li pou l pat kritike ni Prezidan Trump, ni Vis Prezidan Mike Pence, ni madanm yo; men li te refize òf sa a. An fen, ansyèn pwòch kolaboratris Prezidan Trump la deklare nan laprès:

<< Se pwoteje mwen pwoteje tèt mwen, paske tout moun nan La Mezon Blanch ap bay manti. Prezidan an ap bay pèp ameriken an manti, Sarah Huckabee Sanders kanpe devan peyi a chak jou Bondye mete pou l bay manti. Yon moun dwe kapab pwoteje tèt li pou kont li; sinon avan w bat je w, w ap wè 17 moun ba w kout kouto nan do.>>

XS
SM
MD
LG