Accessibility links

Breaking News

OIM Ap Patisipe Nan Lit Kont Epidemi Kolera a


Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM) pote kole ak Aksyon Kont Lafen pou l lanse yon kanpay nan vil Gonayiv ak zòn ki antoure l yo pou konbat epidemi kolera a.

Se konsa moun k ap patisipe nan kanpay sa a distribye dlo potab ak materyèl ijyenik bay popilasyon an.N ap raple premye kote maladi kolera a te eklate ann Ayiti, se nan rejyon Atibonit la ki gen Gonayiv kòm chèflye.

Responsab kanpay la panse sezon frèt k ap antre la a kapab fè l pi fasil pou moun trape maladi a; kidonk yo lanse apèl bay otorite konsène yo --kit se ayisyen, kit se etranje-- pou yo ranfòse lit kont epidemi a gras sitou ak enstalasyon yon sant tretman kolera nan Gonayiv.

XS
SM
MD
LG