Accessibility links

Breaking News

Ogmantasyon Vyolans Nan Siri Kont Jounalis Endepandan


Ogmantasyon Vyolans Nan Siri Kont Jounalis Endepandan
Ogmantasyon Vyolans Nan Siri Kont Jounalis Endepandan

Gwoup k ap defann dwa medya yo fè konnen le fèt ke yo touye 2 jounalis oksidantal nan vil Homs nan peyi Siri sa montre kòman Damas ap ogmante yon kanpay vyolan kont repòtaj endepandan sou operasyon sere boulon li lanse sou disidan yo.

Korespondan ameriken Sunday Times Marie Colvin ak yon fotograf endepandan fransè Remi Ochlik se dènye jounalis yo touye nan 11 mwa leve kanpe ki vinn ekstrèmeman danjre pou jounalis kouvri.

Colvin ak Ochlik te pami gwoup jounalis ki te antre an kachèt nan Siri mwa sa a, yo te travèse fwontyè Liban an avèk kèk moun ki te ede yo pase pa kontrebann. Gouvènman siryen an –pat pèmèt jounalis etranje vwayaje lib-e-libè nan peyi a e yo te kenbe pifò nan yo deyò.

XS
SM
MD
LG