Kwasans popilasyon mondyal la ralanti pandan syèk ki sòt pase yo; men amelyorasyon kondisyon lasante ak to natalite a ki monte nan plizyè peyi devlope kontinye ogmante to popilasyon mondyal la ki se 80 milyon moun pa ane.
Daprè done ki parèt nan semèn 25-31 jiyè 2010 la sou popilasyon mondyal la (2010 World Population Data Sheet), peyi ki pi rich yo ap fè fas ak yon fòs travay k ap bese e ki pap kapab sipòte ak resous li popilasyon moun aje yo k ap grandi rapidman.
Yon lòt kote, nan plizyè peyi pami sa ki pi pòv yo, popilasyon ki twouve l anba menas sa a, se yon popilasyon ki pi jèn e k ap ogmante pi rapidman – yon sitiyasyon ki pral ogmante lamizè e k ap gen move konsekans sou anviwonman an.
Pandan ane 2010 la, popilasyon mondyal la deja rive nan 6 milya 900 milyon kretyen vivan, e pi fò nan ogmantasyon an se nan peyi ki sou wout devlopman yo.
Daprè yon rapò ki parèt ane sa a, popilasyon mondyal la anrejistre yon ogmantasyon 80 milyon moun chak ane; e 20 milyon nan moun sa yo pran nesans nan nasyon ki pi pòv pami peyi ki sou wout devlopman yo.
Demograf yo antrevwa posiblite pou to natalite a nan peyi ki sou wout devlopman yo fè yon ti bese apre yo va fin anrejistre yon fenomèn menm jan ak peyi endistriyalize yo.