Accessibility links

Breaking News

OEA Mande Ayiti Oganize Eleksyon Senatoryal Pasyèl San Pèdi Tan


Rapò sekretè jeneral adjwen OEA a, Albert Ramdin, prezante devan Konsèy Pèmanan an chita sou twa pwen : Eleksyon, kowòdinasyon asistans entènasyonal la ak ranfòsman enstitisyon ayisyèn yo. Mesye Ramdin ki sòt pase de jou ann Ayiti, kote l te rankontre prezidan ayisyen an, Michel Martelly ak premye minis Garry Conille, mande otorite yo piblye tèks amande konstitisyon an, fòme yon Konsèy Elektoral Pèmanan e òganize eleksyon senatoryal pasyèl yo. Nimewo 2 OEA a di li espere prezidan Martelly pral fikse, san pèdi tan, yon kalandrye tout pati pati politik yo va aksepte.

Mesye Ramdin deklare : “amandman an, KEP a ak eleksyon yo kononekte nou espere bagay sa yo pral fèt nan yon delè ki pa twò long. Nou santre atansyon nou sou sa ki dwe fèt.”

Sekretè jeneral adjwen OEA a, pa kache preferans li pou yon Konsèy Elektoral Pèmanan. Anbasadè Ramdin presize: “OEA te toujou anfavè yon Konsèy Elektoral Pèmanan. Mwen panse li lè li tan pou Ayiti gen yon enstitisyon elektoral pèmanan. Sepandan, nou rekonèt reyalite a ak aspè pratik kesyon an. Sa pa OEA ki pou deside si Ayiti dwe gen yon Konsèy Elektoral Pwovizwa ou Pèmanan. Se desizyon gouvènman ayisyen an. Sepandan, nou panse li ta pi bon si Ayiti ta gen yon Konsèy Elektoral Pèmanan.

Anbasadè a te abòde tou kesyon kowòdinasyon asistans entènasyonal la pou Ayiti. Mese Ramdin fè konnen li enpòtan pou Ayiti ekzèse lidèchip li, pou’l gen kontwòl asistans finansyè patnè li yo ap ba li ke se swa bayèdefon bilateral ou miltinasyonal, diaspora a ou Oganizasyon Non Gouvènmantal yo (ONG). E li di OEA apiye Ayiti nan sans sa a.

Mesye Ramdin ajoute: "si prezidan Martelly ak premye minis Conille dakò, OEA pare pou l sèvi kòm platfòm pou mete tout bayèdefon yo ansanm, pou yo diskite sou yon bon jan mekanis pou yon asistans byen kowòdone ki pral bay rezilta e ki pral jwenn popilasyon an."

OEA pwomèt pou l kontinye ede Ayiti ranfòse demokrasi, stabilite, sekirite ak enstitisyon yo. Misye Ramdin di li pral kontinye apiye pwojè idantifikasyon sitwayen ayisyen yo ak pwojè kadas la.

Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute repòtaj Jean-Pierre Leroy.

XS
SM
MD
LG