Accessibility links

Breaking News

Òganizasyon Eta Ameriken yo, OEA, Pran yon Rezolisyon sou Kriz Politik la ann Ayiti


Katye jeneral lOEA nan Washington, DC.
Katye jeneral lOEA nan Washington, DC.

Diplomat yo deside “par consensus” pote apui yo bay yon pwosesis ki va debouche sou òganizasyon eleksyon lib, onèt ak demokratik nan tout nivo (lokal, lejislatif ak prezidansyel). Tout delege ki pran lapawòl yo di yo pa alèz ditou ak yon lidè k ap dirije pa dekrè nan yon demokrasi.

Òganizasyon Eta Ameriken, l OEA, òganize, mèkredi 17 mas 2021 an, yon sesyon sou sitiyasyon an ann Ayiti kote yon kriz politik rive nan yon pwen ki enkyetan pou òganizasyon rejyonal la.

Nan yon rezolisyon diplomat yo apwouve “par consensus” nan fen sesyon an, yo deside pote apui yo bay yon pwosesis ki va debouche sou òganizasyon eleksyon lib, onèt ak demokratik nan tout nivo (lokal, lejislatif ak prezidansyel) pou pèmèt ayisyen yo chwazi dirijan yo an tout libète. Nan sans sa a, rezolisyon an ankouraje Prezidan Jovenel Moise antre nan sa dokiman an rele “yon dyalòg serye” avèk opozisyon politik la pou bon dewoulman ak reyisit pwosesis elektoral la, avèk prezans obsèvvatè lib. Seyans la dewoule sou prezidans chèf misyon diplomatik Panama a, Madam Maria Roquebert, ki se aktyèl prezidant Konsèy Pemanan an, tandiske reprezantan pèmanan Peyi Ekwatè a, Anbasadè Carlos Jativa, te sèvi kòm fasilitatè seyans la

Bocchit Edmond, Anbasadè Ayiti Ozetazini ak OEA.
Bocchit Edmond, Anbasadè Ayiti Ozetazini ak OEA.

Anbasadè ayisyen an nan Washington e reprezantan pèmanan pwovizwa Ayiti nan l OEA, Bocchit Edmond, pran lapawòl an fransè pou l remesye kòlèg diplomat li yo pou seyans sa a menmsi, daprè li, “gouvènman ayisyen na pa jwenn tout sa li te espere.” Nan mesaj li prezante nan fen seyans la, li fè deklarasyon sa a:

“Menmsi se pa yon rezolisyon ki touche totalite sa delegasyon ayisyèn nan te swete, nou rive atenn yon consensus kòm se toujou nan abitid òganizasyon nou an. Mwen remesye anbasadè Ekwatè a ki te fasilite diskisyon yo e, yon fwa anko, m kwè oganizasyon emisferik la respekte randevou li lè l gen pou akonpaye yon eta-manm k ap fè fas ak difikilte e ki, an menm tan, vle kontinye travay pou ranfòsman prensip demokratik yo, ki vle ke pèp nan rejyon nou an gen dwa patisipe nan eleksyon transparan e kredib pou yo chwazi lidè yo.”

Anbasadè Greame Clark, reprezantan pèmanan Kanada nan l OEA, kote li gen tit obsèvatè, fè konnen sitiyasyon grav k ap devlope ann Ayiti a bay gouvènman li a gwo kèsote:

“Kanada repete apui li pou pèp ayisyen an e li ankouraje gouvènman ayisyen an travay ansanm avèk tout pati enterese yo epi antre nan yon dyalòg konstriktif avèk yo pou yo jwenn solisyon pou pwoblèm grav popilasyon an ap konfwonte e pou yo kreye kondisyon ki nesesè pou dewoulman eleksyon lib e san paspouki. Yon lòt kote, li trèzenpòtan pou tout aktè ayisyen ki gen bòn fwa fè tout sa yo kapab pou yo rive jwenn yon akò ki va pèmèt peyi a retounen, yon fason pasifik, nan yon rejim demokratik ane sa a menm. Eleksyon lib, transparan e onèt se yon bagay ki endispansab nan ane 2021 an pou garanti retou demokrasi ak lòd konstitisyonèl la ann Ayiti. Li pa nòmal ni pridan pou okenn peyi demokratik gen nan tèt li lidè k ap dirije san palman e ak dekrè prezidansyèl pandan plis pase yon ane.”

Tout delege yo -san bliye diplomat rejyon KARKOM nan- fe yon sèl vwa pou yo di kijan sitiyasyon aktyèl la ann Ayiti se yon sous enkyetid ak kèsote pou yo. Reprezantan Lèzetazini an, Anbasadè Bradley A. Freden, bay opinyon administrasyon Biden nan sou kriz la:

“Sitwayen tout peyi demokratik ta dwe kapab egzèse dwa yo pou yo chwazi lidè yo, ak dwa pou yo egzèse libète lapawòl yo. Sa gen lontan depi Lèzetazini ak Ayiti se 2 peyi zanmi, e nou kensève angajman nou pou n travay avèk gouvènman ayisyen an kòm avèk pèp ayisyen an e ak tout pati konsène yo, pou òganizasyon eleksyon lib e onèt pandan ane 2021 an, kèlkeswa rezilta referendum ki gen pou fèt la. Nou pa santi nou alèz ditou ak sitiyasyon aktyèl la kote se pa dekrè Prezidan an ap dirije. Nou bay gouvènman an konsèy pou l mande l OEA voye yon misyon obsèvasyon elektoral pou sipèvize dewoulman pwochen eleksyon yo.”

Nan rezolisyon l OEA adopte sou Ayiti pandan seyans mekredi 17 mas la, diplomat yo lanse, pa egzanp, yon apèl kote yo mande gouvènman Prezidan Moise la franchi etap ki nesesè a pou l idantifye, fè jije epi pini tout sila yo ki komèt e ki kontinye komèt zak vyolans ak vyolasyon dwamoun nan peyi a.

XS
SM
MD
LG