Accessibility links

Breaking News

Sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken an (OEA) Sonje Viktim Tranblemanntè ki te Devaste Ayiti a an Janvye 2010


Sekretè jeneral OEA a Jose Miguel Insulza
Sekretè jeneral OEA a Jose Miguel Insulza

Yon Nòt pou Laprès ki soti nan Katye Jeneral l-OEA :

Nan okazyon 12 Janvye 2015-la, ki make 5èm anivèsè goudou-goudou terib ki te devaste Ayiti-a, Sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken-an (OEA), Jose Miguel Insulza, repete angajman l-OEA devan pèp ak gouvènman peyi dAyiti-a. Li di : « Panse sensè-nou ale jwenn 230-mil viktim-yo, fanmi-yo ak zanmi-yo ak tout moun ki te blese oubyen ki vin sanzabri. »

« Pandan n-ap make anivèsè tris sa-a, nou pwofite onore kouraj ak pèseverans pèp ayisyen-an ansanm ak efò gouvènman-li-a pou pote yon ale-mye nan kondisyon lavi popilasyon-an, » pawol Msye Insulza.

Bò kote pa-l, Asistan Sekretè Jeneral Albert Ramdin, ki alatèt Gwoup Zanmi Ayiti-yo, fè sonje ke depi 2010, 94 pousan kòt-fanmi pa-t ka rete lakay-yo akoz tranblemanntè-a e y-al rete lòt kote, e li te fè remake ke « debri-yo ki pa atè-a ankò pare teren pou rekonstriksyon, pou amelyorasyon nan enfrastrikti-a, pou kwasans ekonomik ak kreyasyon djòb, » pawol Msye Ramdin ki ajoute « Plis timoun kounye-a ale lekòl, e chif sou kesyon sante-yo amelyore. »

Anbasadè Ramdin ensiste pou di « Travay du ki fèt nan kèk ane ki pase-yo bay rezilta klè, ke nou dwe selebre, pandan, an menm tan, nou pa dwe bliye tou sa ki rete pou fèt nan tèt-ansanm. »

Nan mesaj-li pou pèp ak gouvènman ayisyen-an, Sekretè Jeneral Insulza deklare : « Nan benefis popilasyon-an, se yon obligasyon pou tout aktè-yo nan nasyon-an mete efò-yo ansanm pou jwenn antant ki nesesè pou prezève sa ki fèt-yo e asire devlopman dirab ann Ayiti. Antant sa-a pi ijan toujou, pandan delè ap pwoche pou rezoud kriz politik ki frape enstitisyon demokratik-yo nan peyi dAyiti. » Nan sans sa-a, Msye Insulza bat bravo pou kokenn efò Prezidan Michel Martelly ak Palman-an pandan semèn ki pase-yo, pou yo antann-yo sou mwayen pou sityasyon-an debloke.

Ak pawòl sa-yo, lidè l-OEA-a ekzòte tout aktè politik-yo pou yo « travay ansanm pou yo kreye kondisyon ki nesesè pou gen eleksyon lib e san kachotri an 2015, bagay ki esansyel pou prezève avans demokratik ki fèt-yo ak stabilite nan peyi-a. » Msye Insulza ajoute ke « meyè mwayen pou onore milye viktim-yo nan katastwòf sa-a se pou yo simonte difikilte politik-yo ak lòt ankò ki bloke-yo, gras ak kouraj ak tèt ansanm, pou yo kontinye san pèdi tan travay ki nesesè pou Ayiti ak pèp-li akonpli tou sa ki nan posiblite-yo. »

Sete yon nòt pou laprès ki soti nan Katye Jeneral l-OEA nan Washington pou make 5èm anivèsè tranblemanntè ki te devaste Ayiti, 12 Janvye 2010-la.

XS
SM
MD
LG