Accessibility links

Breaking News

Obama Fè Konpwomi Sou Rediksyon Taks


Obama Fè Konpwomi Sou Rediksyon Taks
Obama Fè Konpwomi Sou Rediksyon Taks

Prezidan ameriken an, Barack Obama, defann yon konpwomi li jwenn ak opozisyon repibliken an pou pwolonje politik rediksyon taks pou kontribyab yo pandan 2 zan ankò. Nan yon konferans pou laprès Prezidan Obama bay madi 7 desanm 2010 la nan Mezon Blanch la, li deklare opsyon li ta pi pito a, se konsève rediksyon taks la pou klas mwayèn nan, an wetan moun ki touche plis pase 250 mil dola pa ane yo; men, dapre li, opsyon sa a pa t ap jwenn dizon Sena a nan faz rapò dè fòs yo ye kounye a nan Kongrè a, paske repibliken yo pa dakò avèk li. Chèf Mezon Blanch la akize repibliken yo dèske yo kenbe pèp ameriken an ann otaj sou kesyon sa a.

Prezidan Obama deklare li menm li la pou l travay nan enterè pèp ameriken an. Priyorite pa li, se goumen pou wè kouman li ka kreye travay nan peyi a pou konsitwayen li yo ; men se pa chita ap fè politik patizan nan Washington ak repibliken yo.

Prezidan Obama kontinye pou l di san konpwomi sa a, premye janvye k ap vini la a taks anpil moun, kèlkeswa kantite lajan y ap touche—ta pral ogmante, e nan fen mwa sa a, 2 milyon moun ta pral pèdi benefis asirans chomaj yo. Pi gwo Repibliken nan Sena a, Mitch Mc. Connell, dekri antant ak Mezon Blanch la kòm yon antant ke Repibliken ak Demokrat jwenn nan tèt-ansanm; yon plan ki pral evite leta federal ogmante taks ke kèlkeswa sitwayen ameriken ap peye e ki pral kreye kondisyon pou ankouraje kwasans ekonomi amerikèn nan.

XS
SM
MD
LG