Accessibility links

Breaking News

Sèvis Sekrè Lèzetazini Entèseptè 2 Lèt Pyeje Ki Te Vize 2 Pèsonalite Politik


Ajan polis ki kanpe an fas kay ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton ak mari, ansyen Prezidan Bill Clinton nan Chappaqua, N.Y., nan kòmansman jounen mekredi 24 oktòb 2018 la. (Foto: AP/Seth Wenig).
Ajan polis ki kanpe an fas kay ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton ak mari, ansyen Prezidan Bill Clinton nan Chappaqua, N.Y., nan kòmansman jounen mekredi 24 oktòb 2018 la. (Foto: AP/Seth Wenig).

Nan New York sèvis sekrè ameriken entèsepte 2 pakè yo sispèk ki ta gen ladan yo "materyèl eksplozif": youn gen sou li adrès ansyen Prezidan Barack Obama, epi lòt la gen adrès ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton ki te pèdi eleksyon prezidansyèl 2016 la devan Prezidan Donald Trump.

Imedyatman e byen bonè mèkredi 24 oktòb la, otorite yo fè tout moun sòti nan Sant Time Warner nan New York kote chèn televizyon CNN gen lokal li, aprè yo te dekouvri yon ti aparèy sispèk nan yon sal lapòs genyen nan bilding nan. CNN rapòte lapolis New York panse "li gen kontwòl sitiyasyon an."

Sèvis sekrè di yo te dekouvri pakè ki ta pral jwenn Madan Clinton nan byen ta nan jounen madi a nan yon biwo kote yo tcheke davans kourye ak koli. Biwo sa a sitiye nan yon banlye vil New York ki tou prè kay ansyen Sekretè Deta a kote l ap viv ak mari li, ansyen Prezidan Bill Clinton.

Ajan ki gen sou yo inifòm Sèvis Sekrè Lèzetazini, t ap pale nan yon pòs-enspeksyon tou prè kay ansyen Prezidan Barack Obama, mèkredi 24 oktòb 2018 la, nan Washington.
Ajan ki gen sou yo inifòm Sèvis Sekrè Lèzetazini, t ap pale nan yon pòs-enspeksyon tou prè kay ansyen Prezidan Barack Obama, mèkredi 24 oktòb 2018 la, nan Washington.

Sèvis sekrè di se nan Washington yo te entèsepte pakè ki gen adrès ansyen Prezidan Obama a. Daprè New York Times, pakè ki gen adrès Madan Clinton nan sanble ak yon lòt ke enkoni te plase, pi bonè semèn sa a, nan yon bwat-o-lèt tou prè kay George Soros, ki abitye bay Pati Demokrat la gwo kontribisyon lajan.

XS
SM
MD
LG