Yon akò ki soulve anpil pawòl anpil ant Prezidan Barack Obama ak repibliken nan kongrè a pou evite yon ogmantasyon taks pou ameriken yo nan fen ane a sanble prale nan Sena a pou aprobasyon.
Nan yon vòt tès ki dewoule nan chanm sena a lendi 13 desanm 2010 la, mezi 858 milya dola ranmase konsiderableman plis ke 69 vwa yo bezwen pou pasaj pwojè lwa sa a.
Yo atann yon dènye vòt sou mezi sa a nan sena a madi 14 desanm 2010 la oubyen demen mèkredi 15 desanm 2010 la anvan pwojè lwa sa a ale nan chanm dè reprezantan an. La, li ka fé fas a yon avni ensèten.
Mezi sa a ta fikse pou 2 zan koupe taks ki te antre ann aplikasyon pandan administrasyon Prezidan George W. Bush la e ki gen pou l rive nan bout li nan fen mwa sa a. Li ap etann tou pou 13 mwa benefis chomaj pou moun ki pase lontan ki pap travay yo.