Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: Yon Inyon ant OEA ak KARIKOM


Misyon l’OEA ak KARIKOM fòme ansanm pou al obsève eleksyon yo nan peyi Dayiti, kontinye swiv 2èm faz kanpay elektoral la ki te kòmanse nan dat 15 oktòb pase a. 2 òganizasyon rejyonal yo ap fè travay sa a gras ak yon misyon ki gen 57 manm ki al pran pozisyon nan tou lè 11 rejyon elektoral yo.

Nan yon nòt pou laprès ki parèt jedi 11 novanm nan, Oganizasyon Eta Ameriken fè konnen Misyon Obsèvasyon OEA-KARIKOM nan gen preokipayon devan zak vyolans ki gen rapò ak eleksyon an ki dewoule nan semèn ki pase yo. Li lanse apèl bay kandida yo pou l mande yo mennen kanpay yo nan yon klima kalm epi manifeste tolerans ak zanmitay, pandan youn ap montre respè pou lòt.

Misyon an fè pati politik yo ak kandida yo sonje, daprè atik 115 alinea 1 Lwa elektoral la, yo dwe fè Polis Nasyonal Dayiti konnen 2 jou davans yo gen plan òganize rankont de mass, dekwa pou yo evite tout sitiyasyon ki ta ka pwovoke derapaj. Konsa yo kapab pote kontribisyon yo nan travay k ap fèt pou tabli yon klima sekirite k ap pèmèt yon bon kanpay fèt pandan peryòd ki vini anvan eleklsyonan.

Misyon OEA-KARIKOM nan di, yon fwa ankò, kijan li gen kè-sote akoz sa k konsènen itliizasyon resous Leta pandan kanpay elektoral la. Misyon an repete apèl litelasne bay pati polik yo pou yo respekte dispozisyon legal ki garanti dewoulman yon kous elektoral onèt e san pati pri. Otorite Leta yo dwe pran yon pozisyon fèm kont tout moun ki vyole dispozisyon legal sa yo, e garanti ke anpwlaye Leta yo pa mele nan okenn aktivite-kanpay, jan Atik 121 Lwa Elektoral la mande sa.

XS
SM
MD
LG