Accessibility links

Breaking News

O Meksik, Yon Tranbleman Te Puisan Koze Omwens 1 Lanmo nan Acapulco


Yon koup mache bo kote yon taksi ki sibi dega le debri tonbe sou li apre yon tranblemannte nan vil Acapulco, Meksik, Madi 7 Sept. 2021.
Yon koup mache bo kote yon taksi ki sibi dega le debri tonbe sou li apre yon tranblemannte nan vil Acapulco, Meksik, Madi 7 Sept. 2021.

Yon tranbleman te puisan frape rejyon sid peyi Meksik tou pre vil vakans Acapulco ki sitye sou kot pasifik peyi a.

Bilding te souke nan Meksiko Siti, kapital la, ki sitye a yon distans plizye santen kilomet. Omwens yon moun mouri.

Sant Jeyolojik Etazuni an di sekous magnitud 7 la te santre o nodes Acapulco. Majistra vil la di pat gen gwo domaj sof kek miray ki kraze ak fuit gaz.

Te a te souke pandan preske yon minit nan Meksiko siti. Kek moun te kouri kite bilding yo, men apre yon ti tan pi fo pami yo te tounen lakay yo sen e sof.

Gouvene eta Gerrero a kote Acapulco sitye di yo pa konstate okenn varyasyon nan nivo lanme a, e pi ta savan yo te di posibilite pou yon tsunami te finn pase.

XS
SM
MD
LG