Accessibility links

Breaking News

O Meksik, PRI Byen Plase Pou L Ranpòte Yon Gwo Viktwa Nan Eleksyon Pou Gouvènè


O Meksik, elektè nan 14 eta peyi a lage bilten yè dimanch 4 jiyè a nan eleksyon pou majistra ak gouvènè apre yon kanpay elektoral kote anpil san koule, sitou akoz vyolans ki makònen ak dwòg. Premye sondaj ki fèt avèk moun ki t ap sòti nan biwo vòt yo montre Pati Revolisyon Enstitisyonèl la (PRI) ki nan opozisyon, ranpòte eleksyon pou gouvènè nan 3 eta. PRI, ki pral eseye repran pouvwa a nan 2 zan, kapab ranpòte yon gwo viktwa nan eleksyon sa yo. Eleksyon sa yo dewoule 6 jou apre Rodolfo Torre, kandida PRI pou Eta Tamaulipas la ki nan nò peyi a, te mouri anba bal asasen pandan li tap mennen kanpay li. Se yon frè l ki te ranplase l nan kous la, selon desizyon pati a .

XS
SM
MD
LG