Accessibility links

Breaking News

O Meksik, 'Mèmè Jordan' Viral sou TikTok Antanke Vedèt Basketbòl

Andrea Garcia Lopez, 71 an, ke abone TikTok yo rele "Meme Jordan" jwe nan yon match egzibisyon basketbol nan San Esteban Atatlahuca, Oaxaca, Meksik, 3 Out 2022.

Meksik gen yon nouvo vedèt baskètbòl. Li gen 71 zan e li rele Andrea Garcia Lopez.

Abone TikTok yo ba li ti non jwèt "Mèmè Jordan", lè yo wè videyo li kote lap vannen moun sou teren baskètbòl la nan ti bouk ki rele San Esteban Atalahuca, ki sitye nan eta Oaxaca nan sid Meksik.

Andrea Garcia Lopez, 71 an, ke abone TikTok yo rele "Meme Jordan" jwe nan yon match egzibisyon basketbol nan San Esteban Atatlahuca, Oaxaca, Meksik, 3 Out 2022.
Andrea Garcia Lopez, 71 an, ke abone TikTok yo rele "Meme Jordan" jwe nan yon match egzibisyon basketbol nan San Esteban Atatlahuca, Oaxaca, Meksik, 3 Out 2022.

Gen plis pase yon milyon moun ki gade videyo li, ke pitit pitit li pibliye.

Nan videyo a, nou wè Lopez, yon atizan lokal ki gen cheve gri e ki penyen ak 2 très byen lont, kap vannen lòt jwe yo sou teren an epi choute baskèt. Li pa mete chòt non - li mete jip pito.

Andrea Garcia Lopez, 71 an, ke abone TikTok yo bay ti non jwet "Meme Jordan" kenbe yon basketbol nan boutik atizana li nan vil San Esteban Atatlahuca, Oaxaca, Meksik, 3 Out, 2022.

Lopez di li espere kontinye jwe pandan plizyè zane, menm si jenou li konn fè'l mal tanzantan.

XS
SM
MD
LG