Accessibility links

Breaking News

O Mekisk, Otorite yo Arete Pitit Yon Gwo Bawo Dwòg


O Meksik, ministè sekirite piblik la anonse lapolis arete yon jèn gason ki se pitit yon bawon dwòg avèk plis pase $790 mil dola kach sou li. Otorite yo idantifye misye kòm « Javier » e yo di yo arête l nan machinn ni pandan li te sou wout pou eta Jalisco sou kot pasifik la. Daprè menm sous la, sanble Javier se manm yon òganizasyon entènasyonal ki gen koneksyon ak yon katèl dwòg k ap opere sou kot pasifik la. Responsab yo fè konnen Javier se pitit gason Jaime Jimenez Ninez ki gen ti non jwèt «El Chiquis » ki, li menm, te jwenn arestasyonn ane pase nan Kosta Rika avèk plis pase 800 kilogram kokayin e ak plis pase $36 mil dola.

XS
SM
MD
LG