Accessibility links

Breaking News

28 Novanm Raple kèk Evenman Istorik nan Vi Politik Peyi Dayiti


FILE - Tonton Macoutes march in downtown Port-au-Prince in support of Haiti's President Francois Duvalier, April 27, 1970.
FILE - Tonton Macoutes march in downtown Port-au-Prince in support of Haiti's President Francois Duvalier, April 27, 1970.

Jodi Jedi 28 Novanm 2019 la make 39an depi rejim Duvalier a te lanse yon operasyon ratibwazaj kote yo te arete plizyè jounalis ki sanble pat danse kole ak rejim nan. Pami jounalis ki te jwenn arestasyon yo 28 Novanm 1980, te gen Liliane Pierre Paul, ansyen kolaboratè nou Jacques Jean Baptiste, Jean Dominique ak madanm li Michelle Montas, Konpè Filo. Rejim Duvalier a te voye yon group pami jounalis sa yo an egzil epi mete rès yo nan prizon.

28 novanm 1985, nèg ame ki te idantifye tèt yo kòm defansè rejim Duvalier a touye ak bal nan vil Gonayiv McKenson Michel, Jean Robert Cius ak Daniel Israel Lanmò. Asasina 3 jèn sa yo te akselere manifestasyon ki t ap dewoule nan vil la kont rejim nan jiskaske Jean Claude Duvalier te demisyone 7 Fevriye 1986. Nan vil Jeremi jèn yo te manifeste e fèmen lekòl pou te mande jistis pou 3 jèn vil Gonayiv yo. Lekòl te fèmen nan vil la depi Novanm 1985 pou yo te relouvri apre Jean Claude Duvalier te ale ann egzil an Fevriye 1986.

XS
SM
MD
LG