WASHINGTON, DC —
Nèg amé sou motosiklèt tire sou yon lokal yon akademi kote yo fòme pèsonèl k ap asire sekirite ayewopò entènasyonal vil Karachi a, nan Pakistan. Ensidan sa a rive yon jou apre branch Mouvman Taliban an nan Pakistan an te pran responsablite pou yon atak ki te fèt dimanch menm kote 35 moun pou pipiti te pèdi la yo. Otorite pakistanè yo di pami viktim yo genyen 10 atakan.
Moun k ap kritike estrateji gouvènman an fè konnen atak dimanch la pote yon gwo kou pou efò premye minis Nawaz Shariff ap fè pou l negosye yon akò lapè ak mesye Taliban yo ki te deside wete kò yo nan mwa avril la nan yon seri chita tande yo te deja tanmen ak gouvènman Pakistanè a. Khalid Rakman, se direktè jeneral Enstiti Etid Politik Islamabad la nan Pakistan.
Pwofesè Rakman di: Malerezman, jan negosyasyon lapè yo te derape a, montre patisipan yo pa tap negosye ak tout kè yo. Bò kote branch Taliban Pakistan an, si se tout manm gwoup la ki te deside patisipe nan chita pale yo, sa pat vle di yo tout te dakò ak negosyasyon yo. Malerezman, se menm bagay la tou pou gouvènman an : sètadi, nan moman otorite yo tap eseye jwenn yon estrateji pou yo mete yon dyalòg sou pye, te gen sektè nan gouvènman ki te wè negosyasyon yo yon lòt jan.» Deklarasyon Pwofesè Khalid Rakman, direktè jeneral Enstiti Etid Politik ki nan Islamabad, sou echèk negosyasyon ki tap fèt ant gouvènman pakistanè a ak branch Taliban nan Pakistan.
Sekretè jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Ban Ki-moon, kondane ak tout fòs tou 2 atak yo.