Accessibility links

Breaking News

Nouvèl Konsènan Kontinan Afrik la


Nouvèl Konsènan Kontinan Afrik
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:04 0:00

Aktyalite a ann Afrik

O Kenya

Bandi ame lanse yon atak sou yon konplèks biwo ak otèl de liks nan kapital Kenya a, Nairobi, kote yo fè yon gwo kantite viktim otorite yo poko rive detèmine. Atanta a, ki fèt kont otèl Dusit D2, te kòmanse o zanviwon 3 zè edmi nan aprè midi lè lokal. Temwen fè konnen yo te tande bri eksplozyon ak kout zam ki tap tire san rete.

Dapre medya nan peyi Afrik delès la, gen plizyè moun ki mouri, men poko gen konfirmasyon bò kote otorite kenyan yo sou kesyon an. Gwoup militan Al- Shebab, ki baze nan Somali, revandike responsablite atak la, dapre sèvis Somalyen Lavwadlamerik la. Antretan, imaj ajans nouvèl Associated Press anrejistre an dirèk, montre veyikil kap boule toupre otèl la, nan moman responsan etablisman an ap eskòte moun kap soti andedan an. Moun te ka wè sòlda ak mitrayèz kap antre nan lokal la, ki twouve'l nan adrès Riverside Drive nan kapital Kenya a, Nairobi.

Kot Divwat/Oland

Jij nan tribinal penal entènasyonal deside akite ansyen prezidan Kot Divwat a Laurent Gbagbo ki tap fè fas ak akizasyon krim degè nan kad zak vyolans mòtèl nan eleksyon konteste 2010 yo ki te dechouke li sou pouvwa a. Jij Cuno Tarfusser, ki tap prezide seyans la, anonse vèdik yo jodi madi 15 janvye 2019 la konsènan ansyen chèf deta ivwaryen 73 zan ak kolaboratè imedya li Charles Blé Goudé nan katye jeneral tribinal penal entènasyonal Lahè a, an Oland. Youn nan jij yo, se Cuno Targusser:

"Apre tribinal te vin fin analize anfon evidans epi pran an konsiderasuon tout agiman legak ak sak baze sou lè fè yo te soumèt ba nou aloral e alekri bò kote tou 2 kan yo, majorite nan nou dekouvri defans la pa bwezwen soumèt plis prèv paske akizasyon an pa vini ak ase prèv pou chita pledwari li a."

Jij tribinal penal entènsasyonal la te pase lòd pou libere 2 akize, men li te vin ranvwaye desizyon li an jiska demen mèkredi a, dekwa pou bay kan akizasyon an tan pou detèmine si wi ou non li vle ale an apèl ak vèdik la. Zimbabwe

Nan Zimbabwe, lavi retounen nan eta nòmal li nan kapital la, Harare, apre kèk manifestasyon vyolan konsènan anons gouvènman peyi afrik ostral la te fè pou ogmante pri gazolin nan 17 wotè. Lari vil Harare yo te prèske vid jodi madi a, kote anpil lekòl ak antrepriz te rete fèmen, apre apèl kongrè sendika travayè yo lanse pou dekrete yon grèv 3 jou nan Zimbabwe akoz yon kriz ekonomik kap vale teren nan peyi a. Anpil moun pèdi lavi yo nan vil Harare ak Bulayo lè polisye te tire bonjan bal fizi sou manifestan ki tap kalonnen yo ak kout wòch, mete dife nan kawoutchou epi bloke lari kapital la.

XS
SM
MD
LG