Accessibility links

Breaking News

Washington ak Sewoul dakò pou l ONU an Mete Plis Sanksyon sou Kore di Nò


 Lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, nan mitan, nan moman li tap bay lòd ak konsyè sou devlopman zam nikleyè ak wo eta majò lame peyi li a. Foto Pyongyang pibliye nan dat 3 septanm 2017.
Lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, nan mitan, nan moman li tap bay lòd ak konsyè sou devlopman zam nikleyè ak wo eta majò lame peyi li a. Foto Pyongyang pibliye nan dat 3 septanm 2017.

Kore di Sid mande Konsèy Sekirite Nasyon Zini an anvizaje posiblite pou l bloke tout ekspedisyon petwòl nan Kore di Nò.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, ak prezidan Kore di Sid la, Moon Jae-in, jwenn yon akò, lendi 4 septanm 2017 la, pou Lèzetazini wete restriksyon li te mete sou pèman Kore di Sid gen pou l fè pou l achte misil ameriken.

Se konsa tou 2 lidè yo antann yo pou yo apiye desizyon Konsèy Sekutie l'ONU an ap pran pou l enpoze sanksyon ki pi sevè sou Kore di Nò. Daprè sa otorite yo nan Sewoul di laprès, Misye Moon lanse apèl tou pou l mande Nasyon Zini anvizaje posiblite pou l bloke tout ekspedisyon petwòl nan Kore di Nò.

Yon lòt kote, anbasadris Lèzetazini nan l’ONU, Nikki Haley, ki pran lapawòl lendi devan Konsèy Sekirite a, fè anons sa a:

“Semèn sa a menm Lèzetazini pral fè sikile yon pwojè-rezolisyon sou Kore di Nò e lap mande manm yo vote sou li nan yon semèn, pi presizeman nan dat 11 septanm pwochen.”

Konvèsasyon telefonik Prezidan Trump ak Misye Moon nan te dire 20 minit; li dewoule yon jou aprè Kore di Nò te reyalize sa li prezante kòm yon tès kote li te eseye yon zam nan lasnal tèmo-nikleyè li a.

XS
SM
MD
LG