Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Menase pou l Lanse yon Misil tou Pre Zile Guam Ki se yon Teritwa Ameriken


Yon rasanbleman nan Pyongyang sou plas Kim Il Sung a, Kore di Nò, 9 out, 2017
Yon rasanbleman nan Pyongyang sou plas Kim Il Sung a, Kore di Nò, 9 out, 2017

Kore di Nò pase anba pye menas Prezidan ameriken an, Donald Trump, fè kòmkwa li pare pou l lanse yon atak militè sou rejim Kim Jung Un ap dirije nan Pyongyang nan, si l kontinye ap menase Lèzetazini.

Mesye Trump te koze gwo sezisman lakya kritik ak patizan li , lè li te sèmante madi pase pou l atake Kore di Nò ak dife e kòlè nan yon dimansyon lemond pat janm wè anvan. Deklarasyon sa a lage lidè ameriken an dwat dirèk nan lojik Pyongyang nan.

Sepandan, jeneral nò-koreyen Kim Rak Gyom ki se kòmandan fòs misil stratejik peyi li a di ajans nouvèl KCNA jodi jedi a li pa posib pou Pyonguyang tanmen yon dyalòg ki fè sans ak Prezidan Trump, paske se pa yon nonm ki kapab tande la rezon, se fòs brital ki kapab fonksyone sou li. Pandanstan, kèk rezidan nan zile Guam eskprime dout sou posiblite pou Prezidan Kim Jun Un ta lanse yon atak sou yo vrèman vre.

XS
SM
MD
LG