Accessibility links

Breaking News

Etazini ak Japon Deja Reyaji sou Dènye Lansman Misik Kore di Nò a


Hwasong-14, se yon tip balistik misil Kore di Nò di li posede. Foto sa a soti Pyongyang, Kore di Nò 5 jiyè 2017.
Hwasong-14, se yon tip balistik misil Kore di Nò di li posede. Foto sa a soti Pyongyang, Kore di Nò 5 jiyè 2017.

Kore di Nò lanse yon lòt misil balistik vandredi 28 jiyè 2017 la, e se 2èm lansman konsa li reyalize nan 2 semèn sèlman, dapre sa Pantagòn nan (swa Depatman Dans Lèzetazini an) anonse. Pòtpawòl depatman an, Kaptenn Lamarin de Gè Jeff Davis -ki abòde dosye a nan laprès- deklare:

“Mwen kapab konfime le fèt ke nou detekte lansman yon misil balistik nan peyi Kore di Nò. Nap evalye sitiyasyon an e pi ta nou va genyen plis enfòmasyon sou sa.”

Kaptenn Davis ajoute pou l di lansman an te fèt ozanviwo 10 zè 45 di maten. Bò kote pa l, premye minis Japon an, Shinzo Abé, se posib pou misil la te al tonbe nan zòn ekonomik esklizif japonè a, e li prese mande yon reyinyon dijans tout gwo ofisyèl gouvènman an nan Tokyo pou yo anvizaje yon repons pou aksyon Kore di Nò a.

XS
SM
MD
LG