Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Lage yon Pastè Kanadyen Li Te Mete nan Prizon Avi


Patè Hyeon Soo Lim pandan yo tap jije li nan Pyongyang, 16 desanm 2015.
Patè Hyeon Soo Lim pandan yo tap jije li nan Pyongyang, 16 desanm 2015.

Kore di Nò lage yon pastè kanadyen ki tap pije yon santans prizon avi depi 2015 anba akizasyon ke li ta komèt krim kont leta, dapre sa medya gouvènman an nan Kore di Nò rapòte.

Hyeon Soo Lim lage nan prizon sou “kosyon pou maladi apre yon delegasyon ki te soti Kanada te vwayaje Pyongyang nan non prizonye a, dapre Ajans ofisyèl Nouvèl Santral. Lim, yon misyonè Kretyen ki t ap opere nan Kore di Nò, te anba akizasyon pou zak ajitasyon kont gouvènman Kore di Nò a, men gouvènman Kanada a demanti akizasyon sa yo.

Delegasyon kanadyen an, ki gen nan tèt li Konseye Sekirite Nasyonal Daniel Jean, te rive nan Pyongyang madi 9 out 2017 la pou pale sou ka pastè Lim nan.

XS
SM
MD
LG