Accessibility links

Breaking News

Nominasyon Michele Jeanne Sison Kòm Anbasadè USA Ann Ayiti Franchi Yon Etap Preliminè


Foto Achiv - Anbasadè adjwen Etazini nan Nasyonzini Michele Sison pale pandan yon rankont Konsèy Sekirite LONU an.
Foto Achiv - Anbasadè adjwen Etazini nan Nasyonzini Michele Sison pale pandan yon rankont Konsèy Sekirite LONU an.

Komisyon Afè Etranjè Sena Lèzetazini an, nan dat jedi 26 oktòb 2017, te òganize yon vòt preliminè kote manm komisyon sa a apwouve nominasyon diplomat Prezidan Donald Trump te chwazi kòm anbasadè nan plizyè peyi.

Pami diplomat sa yo genyen Michele Jeanne Sison, ki jwenn nominasyon pou l dirije misyon diplomatik Lèzetazini ann Ayiti.

Nan yon pwochen etap, tout manm Sena a pral fè yon vòt ratifikasyon final nan yon dat yo poko anonse.

*Nòt Direksyon Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la: Sa se yon vèsyon korije yon nouvèl nou te pibliye jedi 26 Oktòb 2017 la sou nominasyon Michele Jeanne Sison kòm anbasadè Etazini ann Ayiti. Premye vèsyon nouvèl sa a te rapòte pa erè ke Sena Ameriken an ratifye nominasyon Madam Sison kòm nouvo anbasadè Etazini ann Ayiti. Vwadlamerik regrèt erè sa a.

XS
SM
MD
LG