Accessibility links

Breaking News

Politik USA: Lit la ap Ranfòse Ant Lidè 2 Pati yo sou Nominasyon Jij Kavanaugh la


Jij Brett Kavanaugh ki t ap fè depozisyon li devan Komisyon Afè Jiridik Sena a. (Foto: Kolin Kapitòl la nan Washington, 6 septanm 2018.)
Jij Brett Kavanaugh ki t ap fè depozisyon li devan Komisyon Afè Jiridik Sena a. (Foto: Kolin Kapitòl la nan Washington, 6 septanm 2018.)

Ozetazini, pandan senatè yo ap tann rezilta yon ankèt FBI ap mennen e pandan y ap prepare yo pou yo fè yon vòt final sou chwa Prezidan Donald Trump kòm kandida pou yon plas nan Kou Siprèm nan, Jij Brett Kavanugh, prezidan an pwofite de yon meeting-de-mas ki dewoule madi 2 oktòb la nan Eta Mississippi pou l pase nan betiz dam ki pote akizasyon kont jij la pou l di komkwa kandida a te komèt atak seksyèl sou li. Non akizatris la se Chritie Blasey Ford, ki te frekante menm lekòl segondè ak Brett Kavanaugh.

Pandan ankèt FBI la pandye sou tèt jij la, seyans ki gen pou dewoule nen komisyon Afè Jiridik Sena a sou konfimasyon l nan byen kapab tonbe an-danje. Prezidan Trump lage sou do Demokat yo tout toumant k apt rake Jij Kavanaugh nan deklarasyon sa a:

<<Yo mande Kavanaugh: "Ki kote nan kay la sa te pase? - M pa konnen.- Eske sete sou premye, sou sete 2èm etaj la? - M pa konnen. Men m te bwè yon byè: Se sa sèlman mwen sonje." Pandansetan lavi yon nonm fin detrui; lavi yon nonm fin brize. Kè madanm li kase e se menm bagay la tou pou pitit-fi l yo ki trè bel; se dè ti-moun ki ekstwòdinè. Advèsè nou yo sòti pou yo detwi moun, yo renmen detwi moun... Ala mechan yo mechan! >>

Lidè majorite repibliken an nan Sena a, Mitch McConnell, deja pale pou l di pral genyen yon vòt sou konfimasyon Jij Kavanaugh la semèn sa a menm; e vòt sa a ka fèt menm anvan FBI remèt rezilta ankèt l ap mennen sou akizasyon Christine Ford pote kont jij la.

XS
SM
MD
LG