Accessibility links

Breaking News

Anbasadè Ameriken nan l'ONU, Nikki Haley, Bay Demisyon Li


Anbasadè Nikki Haley, chèf misyon diplomatik Lèzetazini nan l'ONU.
Anbasadè Nikki Haley, chèf misyon diplomatik Lèzetazini nan l'ONU.

Anbasadè Lèzetazini nan Oganizasyon Nasyon Zini an, Nikki Haley, bay demisyon li. Pandan diplomat la t ap rankontre madi maten nan La Mezon Blanch avèk Prezidan Donald Trump, lidè ameriken an fè konnen reprezantan li nan l'ONU pral kite pòs li nan fen ane 2018 la. Nan okazyon an Prezidan Trump deklare, antwòt:.

"Nikki Halley, anbasadris nou nan Nasyon Zini, te trè espesyal pou mwen. Li fè yon travay fantastik. Li te la depi okòmansman; depi kòmansman administrasyon m nan kòm anbasadè nan l’ONU. Li te menm travay nan kanpay la kote li te viv kèk moman vrèman difisil. Sa gen apepre 6 mwa, li te pale avèk mwen epi li te di m: "M panse, aprè yon peryòd 2 zan, lè a rive pou m pran yon ti break."

Anbasadè Nikki Haley ak Prezidan Donald Trump nan La Mezon madi 9 oktòb 2018 la.
Anbasadè Nikki Haley ak Prezidan Donald Trump nan La Mezon madi 9 oktòb 2018 la.

Pi lwen Prezidan Trump di li espere Nikki Haley pral retounen pou l sèvi peyi a nan yon lòt pòs. Bò kote pa l, anbasadè Haley deklare se avèk plezi li kontaste travay ki fèt pandan li te chèf misyon diplomatik Lèzezini an nan òganizasyon mondyal la pèmèt peyi a "vin pi fò..."

<<Lèzetazini rejwenn puisans li ankò. Lèzetazini rejwenn puisans li yon fason ki ta dwe fè fyète tout ameriken. E se pa prezidan an sèlman mwen gen pou m di mèsi; mwen gen anpil rekonesans pou Premyè Dam nan. Rekonesans tou pou Jared ak Ivanka. Jared se yon jeni ki kache.>>

Nan fen rankont Nikki Haley ak Prezidan Trump la, li anonse li pa pral poze kandidati li pou okenn pozisyon nan eleksyon 2020 an; olye de sa, li pral mennen kanpay pou re-eleksyon prezidan an. Anvan li Madam Haley okipe pòs anbasadè Lèzetazini nan l'ONU, li te travay kòm gouvènè Eta Kawolin di Sid. Se premye fanm ki okipe plas sa a.

XS
SM
MD
LG