Accessibility links

Breaking News

Nijerya: Gouvènman an Leve Sispansyon Twitter Apre 7 Mwa


Shugaba Buhari (Twitter/ @BashirAhmaad)
Shugaba Buhari (Twitter/ @BashirAhmaad)

Gouvènman Nijerya te anonse ke yo leve sispansyon Twitter sou teritwa a apre plis pase 7 mwa kote otorite nan peyi a te bloke rezo sosyal Ameriken an.

Nan yon deklarasyon direktè Ajans Nasyonal pou Devlopman Teknoloji Enfòmasyon, Kashifu Inuwa Abdullahi te anonse ke "Prezidan Muhammadu Buhari te dakò pou leve sispansyon Twitter nan Nijerya".

A 12:30 lè lokal, rezo sosyal la te toujou pa aksesib nan Lagos, kapital ekonomik Nijerya..

Nan deklarasyon an, otorite yo te did pep Nijeryen an ke apre plizyè mwa nan negosyasyon, Twitter te dakò ak "tout kondisyon gouvènman federal la", an patikilye konsènan taksasyon ak jesyon nan kontni yo ki pa respekte lwa yo nan Nijerya.

Twitter te "pran angajman tou pou etabli yon antite legal nan Nijerya pandan premye sezon 2022,"a.

Gouvènman te deside bloke rezo sosyal la paske yo pat respekte lwa peyi a.

Abuja te anonse nan kòmansman mwa jen 2021 sispansyon Twitter pou "yon peryòd endefini" apre li te akize rezo sosyal la kòm yon "misyon sispèk" kont gouvènman Nijeryen an, epi li tolere mesaj lidè yon gwoup sou platfòm li a, ki ankouraje vyolans nan sid peyi Nijerya.

Sispansyon Twitter te rive 2 jou apre rezo sosyal la te efase yon mesaj Prezidan Muhammadu Buhari.

XS
SM
MD
LG