Accessibility links

Breaking News

KOVID-19/USA: Vil New York Pase Premye Jounen Li San yon Ka Lanmo depi Mas 2020


Gouvènè Eta New York la, Andrew Cuomo (agoch) avèk majistra kominal vil New York la, Bill de Blasio.
Gouvènè Eta New York la, Andrew Cuomo (agoch) avèk majistra kominal vil New York la, Bill de Blasio.

Vil New York -ki te reprezante pandan kèk tan katye jeneral pandemi KOVID-19 la, resi pase 24 trèdtan pou la premyè fwa san l pa anrejistre yon sèl grenn nouvo ka lanmò anba maladi a. Sepandan majistra kominal vil la, Bill de Blasio, ki t ap abòde dosye a nan jounen lendi 13 jiyè a, fè konnen:

“Nou poko prèt pou ranpòte laviktwa sou maladi sa a.”

Vrèmanvre, jou dimanch 12 jiyè a sete premye jou otorite lasante yo pa rapòte okenn ka lanmò depi yo te anrejistre premye ka enfeksyon an nan dat premye mas pase a. Majistra de Blasio ajoute:

“Lè nou voye je n atravè peyi a, nou wè tout pwoblèm yon bann ak yon pakèt sitwayen ameriken ap konfwonte; nou wè tèlman anpil lòt eta ak lòt vil k ap soufri onnpepli jounen jodi a. Alòs, pa gen youn nan nou ki kapab selebre; sepandan, omwens nou kapab pran yon ti tan pou n apresye le fèt ke chak moun nan nou te fè sa n te kapab pou ede nou rive kote n ye jodi a –swa 24 trè san yon grenn moun pa mouri. Ann travay pou n genyen plizyè lòt jou konsa ankò.”

Gouvènè Eta New York la, Andrew Cuomo, avèk ekip espesyal li a ki t ap prezante yon pwendprès sou sitiyasyon jeneral kowonaviris la atravè eta a nan jounen dimanch 12 jiyè 2020 an.
Gouvènè Eta New York la, Andrew Cuomo, avèk ekip espesyal li a ki t ap prezante yon pwendprès sou sitiyasyon jeneral kowonaviris la atravè eta a nan jounen dimanch 12 jiyè 2020 an.

Majistra Bill de Blasio ajoute li gen kèsote espesyalman poutèt, pou le moman, yon kantite jenn moun ki poko menm gen 20 tan pa sispann trape viris KOVID-19 la. Li lanse apèl pou l mande jenn yo mete mas nan figi yo epi respekte distans sosyal la.

Nan menm jounen lendi a, gouvènè Eta New York la, Andrew Cuomo, pibliye sou kont twitter li yon dekrè medikal dijans ki egzije tout vizitè ki sòti nen yon eta kote kantite ka enfeksyon kowonaviris yo ap ogmante, pou yo bay enfòmasyon sou kijan yo pral pase vizit la nan New York, oubyen y ap peye yon amand 2 mil dola. Dekrè medikal la di:

“Si ou pa kapab bay enfòmasyon sa a, ou pral pran yon kontravansyon 2 mil dola. Nou pa p jwe avèk desizyon nou pran pou n fè moun respekte karantèn nan.”

XS
SM
MD
LG