Accessibility links

Breaking News

KOVID-19/USA: Vil New York Pran Dispozisyon pou L Fè.Respekte Karantèn nan


Majistra kominal New York la, Bill de Blasio, anonse semèn sa a plan li genyen pou l fè enstale kèk ti pòs polis nan zòn ki enpòtan nan vil la pou tcheke si moun yo respekte règleman sou karantèn nan. Pandan Misye de Blasio t ap prezante yon pwendprès, li deklare:

“Moun k ap vwayaje vin New York yo fèt pou yo mete karantèn nan an aplikasyon e nou pral fè yo sonje li obligatwa pou yo respekte règleman yo. Se pa yon opsyon; se pa yon bagay yo ka fe ochwa.”

Amand yon moun ka pran si l pa respekte karantèn nan nan vil New York, kapab monte rive jiska 10 mil dola. Yon moun k ap sòti nan youn nan eta ki sou lis kanpe lwen New York la, dwe rete an karantèn pandan 14 jou si li ale nan vil la pou yon vizit oubyen pou nenpòt ki lòt rezon.

Karantèn nan aplikab obligatwaman pou tout moun k ap sòti nan yon eta kote tès positif pou enfeksyon kowonaviris la se 10 moun sou 100 mil, oubyen nan yon zòn ki genyen 10% oubyen plis kòm to pozitivite pou KOVID-19 la pandan yon peryòd 7 jou.

XS
SM
MD
LG