Accessibility links

Breaking News

New York: Deba Sou Sitiyasyon an Ann Ayiti


Inisyativ Mondyal ansyen Prezidan ameriken Bill Clinton ap mete fen jedi 23 septanm 2010 la nan yon rankont 3 jou nan New York kote li reyini ansyen ak nouvo chèf leta ak chèf gouvènman, patwon antrepriz komèsyal yo, ak responsab ONG elatriye, ki soti tou patou nan lemond pou yo diskite sou gwo kesyon k ap domine aktyalite entènasyonal la.

Sou dènye jounen rankont la, mesye Clinton, ki se anvwaye espesyal Nasyonzini pou Ayiti, pral sèvi kòm moderatè nan yon deba sou sitiyasyon an nan peyi sa a 8 mwa aprè tranblemanntè 12 janvye a. Pami pèsonalite k ap prezan nan deba sa a, genyen:

Prezidan ayisyen an René Préval, Premye-Minis Jean Max Bellerive, PDG Royal Caribbean Cruis International, Adams Goldsteen, Prezidan Caribbean Craft of Haiti, Magalie Noel, Prezidan Fondasyon pou Pwogrè ak Devlopman, Marise Pennett Cedar.

Plis detay ak anvwaye espesyal Sèvis Kreyòl la Vwa Dlamerik la Jacquelin Belizaire depi New York.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj Jacquelin Belizaire.

XS
SM
MD
LG