Accessibility links

Breaking News

Politik USA: Eleksyon Primè pou Kandida Demokrat yo ap Dewoule nan Eta New Hampshire


Kandida a la prezidans Bernie Sander ki t ap pale ak laprès devan yon biwodvòt nan Lekòl McDonough, vil Manchester, Eta New Hampshire, nan kòmansman jounen elektoral la madi 11 fevriye 2020 an. (Foto: REUTERS/Mike Segar).
Kandida a la prezidans Bernie Sander ki t ap pale ak laprès devan yon biwodvòt nan Lekòl McDonough, vil Manchester, Eta New Hampshire, nan kòmansman jounen elektoral la madi 11 fevriye 2020 an. (Foto: REUTERS/Mike Segar).

Nan Eta New Hampshire, nan pati nòdès Lèzetazini, elektè yo ap jete bilten yo pandan jounen madi 11 fevriye 2020 an nan eleksyon primè Pati Demokrat la kote chak kandida ap chache konsolide pozisyon li epi eseye fè votan yo konprann li se pi bon chwa a pou bat Prezidan Donald Trump nan prezidansyèl novanm pwochen an.

Nan vil Nashua, elektè yo te leve byen bonè, anba yon gwo lapli melanje ak fredi, pou yo te ale nan biwodvòt yo. An pasan, patizan kèk kandida te ankouraje votan ki te endesi toujou pou yo apiye menm kandida avèk yo. Youn nan kandida yo, ansyen majistra kominal vil South Bend, nan Eta Indiana, Pete Buttiegieg, te kontinye mennen kanpay nan New Hampshire nan kòmansman jounen an.

Yon ti moman aprè minui nan nuit lendi pou leve madi, elektè nan yon ti vil ki rele Dixville Notch te fè premye chwa yo nan Eta a, kote ansyen majistra kominal New York la, Michael Bloomberg, ranpòte 2 vwa tandiske Senatè Sanders jwenn yon vwa.

Yon elektè ki t ap antre nan yon izolwa pou l vote nan primè New Hampshire la madi 11 fevriye 2020 an. (Foto: REUTERS/BRENDAN McDermid).
Yon elektè ki t ap antre nan yon izolwa pou l vote nan primè New Hampshire la madi 11 fevriye 2020 an. (Foto: REUTERS/BRENDAN McDermid).

Eleksyon primè New Hampshire la vin pran plis enpòtans aprè “causus” Eta Iowa a ki te dewoule semèn pase a, kote rezilta yo te bay 2 gayan: Pete Buttiegieg avèk Senatè Bernie Sanders, menmsi ansyen majistra a genyen yon ti avans sou senatè a. Otorite elektoral yo te tann plizyè jou anvan yo te pibliye rezilta final yo akoz kèk pwoblèm teknik.

Sondaj ki te fèt anvan dewoulman primè sa a montre Senatè Sanders t ap mennen devan Buttigieg. Gen 3 lòt kandida ki espere fè bèl figi tou nan eleksyon an: ansyen Vis Prezidan Joe Biden ak 2 senatè fanm: Elizabeth Warren (Eta Massachusetts) avèk Amy Klobuchar (Eta Minnesota). Tou lè 3 kandida sa yo te vini lwen dèyè Senatè Sanders ak Majistra Buttiegieg nan “caucus” Eta Iowa a.

XS
SM
MD
LG