Accessibility links

Breaking News

Pwoteksyon kont Kowonaviris - Diferans ant "Netwaye" avèk "Dezenfekte"

Yon anplwaye yon konpayi otobis k ap netwaye li apre yon vwayaj anvan machin nan resevwa pasaje pou yon lòt vwayaj. (Metro Atlantic and Central Base in Seattle, Washington, U.S.). Foto: REUTERS/Jason Redmond, 2 mas 2020.

Pou sa ki konsènen fason pou nou pwoteje tèt nou kont maladi kowonaviris la, yon moun kapab poze kesyon pou l mande, pa egzanp:

“Ki diferans ki egziste ant netwaye yon sifas, yon chanm kay oubyen yon batiman, avèk dezenfekte sifas sa a, chanm kay sa a oubyen batiman an?”

Ebyen, lè w netwaye yon kote avèk savon plis dlo, ou retire mikwòb, pousyè, tè avèk salte ki te sou sifas yo. Lè ou wete mikwòb yo gras ak aksyon ki rele “netwaye a”, ou diminye move chans ki ta genyen pou maladi mikwòb sa a bay la pwopaje. Men avèk aksyon ki rele “dezenfekte a”, se touye w touye mikwòb ki te sou sifas yo. Lè w pase nan 2èm vitès sa a aprè ou fin netwaye, ou kapab diminye plis toujou risk pou moun trape viris ki transmèt enfeksyon an.

XS
SM
MD
LG