Sekouris nan Filipinn kòmanse ap netwaye lari nan kapital peyi, Maniy, ki sibi gwo dega anba tifon Nesat, ki touye 18 kretyen vivan e lakoz 35 lòt disparèt.
Tanpèt la te touche tè yè madi 27 septanm nan zile Luzon, ki nan pati lès peyi a, e li travèse zile a ak van ki t ap soufflé ak yon vitès anviwon 140 kilomèt alè.
Gwo van say o kraze pye bwa, e koze gwo vag lanmè kal chwe sou bè vil maniy la kote li dekrete inondasyon nan yon lopital, nan plizyè antrepriz e menm anbasad Lèzetazini ki nan kapital Filipinn nan.
Otorite yo te evakye plizyè milye moun —kidonk, fè yo kouri kite lakay yo anvan tifon Nesat te touche tè.