Accessibility links

Breaking News

Konsèy sou Fason Netwayaj ak Dezenfektan Bay Plis Pwoteksyon kont KOVID-19


Pou sa ki konsènen prekosyon yon moun dwe pran pou l anpeche viris ki bay KOVID-19 la antre sou li, espesyalis yo fè konnen le fèt ke w mete gan nan men w lè w ap sèvi ak yon charyo pou w mete/mete sa w achte nan yon makèt, oubyen tou lè w ap wete/depoze kòb nan yon ATM (aparèy kote w mete/wete lajan otomatikman), sa pa pwoteje w nesesèman kont enfeksyon. Se yon fason pou n di w sa pa p bloke pwopagasyon maladi a a 100%.

Pi bon mwayen pou nou pwoteje tet nou kont viris la lè w ap fè acha e apre w fin achte, ou antre lakay nou, se mete an aplikasyon sa yo rele bon pratik ijyenik woutin yo, ki genyen ladan yo yon aksyon senp, ki se lave men ou byen lave ak savon, ak dlo pandan 20 segond omwen epi sèvi tou avèk pwodui netwayaj pou men ki genyen jiska 60% alkòl.

Pa bliye: Lè w lave yon sifas ak dlo, ak savon, se redui ou redui kantite mikwòb, valè pousyè) ak salte ki te poze sou sifas la. Lè w dezenfekte yon sifas, se touye ou touye mikwòb yo; men w ap gen plis pwoteksyon si w pran lòt prekosyon pou w ranfòse aksyon lave ak dezenfekte a. Pratike netwayaj woutin souvan pou sifas moun touche anpil yo, tankou sifas yon kontwa, yon biwo, yon telefòn, klavye òdinatè, twalèt, evye, tiyo ki anndan kay, elatriye. Anfen, pandan w ap itilize gan pou w fè travay netwayaj oubyen pou w dezenfete sifas yo, fè yon jan, yon mannyè pou toujou genyen bon jan lè k ap sikile anndan sal kote w ap fè travay sa a.

XS
SM
MD
LG