La polis nan La Oland mete yon nèg 22 zan nan detansyon apre otorite yo te fin resevwa enfomasyon nan men la polis espayòl kòmkwa ta gen moun kap planifye yon atak teworis sou yon konsè Rock n Roll ki ta pral dewoule nan vil Rotterdam yon jou anvan sa.
Yo arete eleman 22 zan an padan yon desant-de-lye nan pwovens Brabant ki nan pati sid peyi a. Responsab gouvènmantal yo nan Rotterdam anile konsè a ki te gen pou l fèt mèkredi 23 out pase a, poutèt yo te sezi kèk tank gazolin nan yon minibis ki te parèt sispèk nan zòn nan.
Kidonk, organizatè yo te sètoblije kanpe konsè gwoup mizikal ameriken Allah-Las ki te gen pou l jwe nan sware mèkredi a.