Accessibility links

Breaking News

Netflix Lanse Plizyè Jwèt Mobil pou Abonné li yo


美国奈飞公司(Netflix)在好莱坞的办公大楼(路透社2018年7月16日)
美国奈飞公司(Netflix)在好莱坞的办公大楼(路透社2018年7月16日)

Netflix anonse Madi lansman mondyal plizyè jwèt mobil pou abonné li yo pandan rezo sinema ak televizyon an ap chèche divèsifye epi antre nan mache jwèt videyo yo ki trè likwatif.

Pami jwèt mobil Netflix ofri ki soti deja yo gen "Stranger Things" "Shooting Hoops", "Card Blast" ak "Teeter Up" .

Jwèt sa yo te deja disponib pou kèk semèn pou abone Netflix yo nan peyi Polòy, Espay ak Itali.

Kounyea, abone atravè mond lan ki gen tablèt oswa yon telefon entelijan Android, sistèm pral kounye a kapab telechaje yo gratis sou aparèy yo epi y ap kapab jwe san yo pa ekspoze a piblisite.

Gwoup la pa anonse si li planifye lanse jwèt sa yo sou aparèy ki ekipe ak sistèm iOS Apple a.

Sepandan, li te endike ke lòt jwèt mobil ap soti byento.

Netflix te montre anbisyon li nan endistri jwèt videyo a depi plizyè mwa pandan lap fè konpetisyon depi plizyè zane nan sektè tele-difizyon an avek konpayi tankou HBO Max oswa Peacock TV.

Konpayi an te achte nan mwa septanm, premye estidyo jwèt videyo li yo, an palan de Night School Studio, ki se yon "start-up" nan Kalifòni.

Netflix te rekrite Mike Verdu, yon ansyen anplwaye Facebook, pou sipèvize aktivite li yo nan mond jwèt mobil la .

Mache mondyal jwèt videyo a vo plis pase $300 milya dola, dapre chif konpayi konsiltasyon Accenture pibliye nan mwad avril la.

XS
SM
MD
LG