Accessibility links

Breaking News

jdesmaratjdesmarattesAyiti ap Selebre 63 Zan Kreyasyon Mizik Ayisyèn "Kompa Dirèk"


Nemours Jean-Baptiste, kreyatè mizik popilè ayisyèn nan, Konpa Dirèk ("Le Compas Direct").
Nemours Jean-Baptiste, kreyatè mizik popilè ayisyèn nan, Konpa Dirèk ("Le Compas Direct").

Jodi jedi 26 jiyè 2018 la fè mizik moun danse nan Peyi Dayiti a, “Konpa Dirèk” 63 zan. Nan okazyon an otorite yo nan Depatman Kominikasyon ak Kilti pwograme yon seri de aktivite apwopriye pou pale de (e atire atansyon sou) plas mizik konpa a pran nan sosyete ayisyèn nan an patikilye e yon ti kras patou nan lemond an jeneral. Tout aktivite sa yo se pou rann omaj pou kreyatè stil mizik e kalite dans sa a ki, pandan 6 dizèn dane, toujou prezan nan pwogram rejwisans, distraksyon ak detant kolektif tankou fèt, sware ak kanaval, nan peyi a tankou nan dyaspora a.

Daprè jounal Le National, ki konsakre yon repòtaj pou selebrasyon yo ak yon atik ki pote siyati Walcam, aktivite Depatman Komikasyon k ap make 63èm anivèsè mizik konpa a kòmanse depi mèkredi 25 jiyè a e yo pral kontinye pandan rès semèn nan avèk kèk randevou espesyal nan jounen jedi 26 la; pa egzanp, nan fen jounen an Minis Guilère C. Delva ak asistan li yo envite piblik la al koute/danse anpil gwoup mizikal nan yon selebrasyon k ap dewoule sou Kyòsk Occide Jeanty a sou Channmas la.

ONè RESPè POU MAESTRO NEMOURS JEAN-BAPTISTE

Nemours Jean-Baptiste, fondatè mizik Konpa Dirèk
Nemours Jean-Baptiste, fondatè mizik Konpa Dirèk

Kreyatè mizik popilè (pou nou pa di mizik nasyonal) Repibik d Ayiti a se Nemours Jean-Baptiste. Se nan dat 26 1955 (sa fè 63 zan) Maestro Nemours -tankou yo rele li jeneralman- te rasanble yon gwoup mizikal devan Legliz Sant Ann nan, nan Pòtoprens, pou l lanse yon nouvo tip misik dansant ki petèt ale pi lwen ke menm sa kreyatè a te antisipe. Tip mizik sa a rele ”Compas Direct" ou Konpa Dirèk” e depi plis pase 6 dizèn lane li pa sispann vale teren

Si nou kwè deklarasyon yon kontanporen e yon kòlèg Maestro Nemours, Gérard Dupervil, ki te yon manm-fondatè gwoup “Konpa Dirèk” la, se Nemours Jean-Baptiste an premye ki te vini ak yon tip mizik sitwayen ayisyen yo kapab rele “mizik pa nou”, e ki pral tounen yon eleman nan patrimwàn kiltirèl yo, puiskse anvan sa se mizik latino (tankou mizik kibèn ak sid-amerikèn) ayisyen te konn tande/danse, paske se mizik sa yo gwoup enpwovize oubyen pèmanan te konn entèprete nan bal yo e nan lòt okazyon.

Temwayaj Gérard Dupervil la jwenn konfimasyon nan men anpil lòt save-mizikològ ki gen ekspètiz nan domèn mizik ayisyèn nan. Nou te ka site Issa Sayé, Raoul Guillaume, Pierre Blain, Ulrick Pierre-Louis, Serge Rosenthal, Joe Jacques, Wawa Fortheureux (Fortéré), elatriye.

Nemours Jean-Baptiste, Maestro gwoup mizikal "Le Compas Direct".
Nemours Jean-Baptiste, Maestro gwoup mizikal "Le Compas Direct".

Si, jounen jodi a prensipal rezon polemik pami jenès ayisyèn nan se foutbòl (si w se fanatik Ajantin, otomatikman ou se ennmi fanatik Brezil; si w se fanatik Baselòn, la menm ou se ennmi yon fanatik Real Madrid), ebyen, pandan tout ane 60 yo e menm pandan premye mwatye ane 70 yo (anvan mizik nouvèl jenerasyon an te vin a la mòd avèk gwoup tankou Les Ambasadeurs, Les Shleu Shleu, Les Fantaisites de Carrefour, Koupe Kloure, Le Septentrional du Cap, Le Tropicana du Cap, Le Tabou Combo, Skah Shah, Les Loups Noirs, Le Bossa Combo, Les Lionceaux des Cayes, .... epi pi ta: D-P Express, Scorpio, Les Invincibles ak Les Jouvenceaux de Jacmel, elatriye), rezon-dèt divizyon ann Ayiti, nan Pòtoprens kou nan pwovens, sete mizik dansant: Nemours Jean-Baptiste kont Webert Sicot, Konpa Dirèk (wouj e blan) kont Kadans Ranpa (kiyès ki te viv nan epòk la e ki ka bliye ekspresyon“fanatik 3 koulè”). Polarizasyon jeneralize polemik sa a te kreye atravè tout peyi te rive byen lwen sou plan politik la, paske li te lage mezantant ant timoun ki te nan premyè fanmi repiblik la; pa egzanp, 2 pitit prezidan Fançois Duvalier (Marie-Denise ak tifrè li Jean-Claude -menm anvan li gen 20) te nan 2 kan opoze: youn te fanatik Nemours, tandiske lòt la te fanatik Sicot. E divizyon sa a nan mitan Ayisyen yo (gason kou fanm, timoun, jennmoun kou granmoun) te pran yon koulè espesyal, yon enpòtans a-pa, yon entansite san parèy lè epòk kanaval la te rive, sitou pandan 3 jou gra yo; paske fanatik yo pa t negosye Konpa Dirèk ) ni Kadans Ranpa.

Nan kad pwogram k ap make 63èm anivèsè kreyasyon mizik Konpa Dirèk la (e an menm tan 100èm anivèsè nesans Nemours Jean-Baptiste ki te fèt nan dat 26 jiyè 1918), responsab yo prevwa yon seri aktivite kote yo pral rann omaj pou divès animatè mizik ayisyèn (yap pran an konsiderasyon tout jenerasyon jeneralman kèlkonk) pou travay yo fè depi radyo sèvi kòm yon medium kominikation de mas pou fè pwomosyon pou mizik popilè Ayiti a. San di pètèt, nou prevwa sou lis animatè sa yo pral genyen non Ricot Jean-Baptiste (Radio Haiti ak Radio Métropole nan 2èm pati ane 70 yo ak kòmansman ane 80 yo), Félix Lamy (Radio Nouveau Monde ak Radio Nationale d’Haiti, fen ane 70 yo ak ane 80 yo), Fritz Jean (Rdio Progrès, ane 70), Joe Solon (Radio MBC, ane 70 a ane 90), Allan Lucien (Radio Progres, ane 70 ane 80), Jacques Sampeur (Radio Port-Au-Prince ak Radio Antilles Internationales ane 70-80-90), Fritz Polynice, alyas Fito Popo (Radio Haiti, Radio Progres Nouvelle, ane 70 ak ane 80), Jacques Jean-Baptiste (Radio Haiti, ane 80), Pierre-Antoine Baptiste (Radio Nationale, ane 70 ak ane 80), Joe Damas Alyas Joe Dams (Radio Métropole -90's-2000's) epi, ANTWOT, Georges-Lys Hérard ou Master-Dje (Radio Port-Au-Prince ak Radio Métropole, ane 80 ak ane 90 yo).

XS
SM
MD
LG