Accessibility links

Breaking News

Negosyasyon Lapè Dirèk Ant Izrayelyen ak Palestinyen


Lidè peyi Izrayèl ak Pouvwa palestinyen an lanse premye negosyasyon lapè dirèk yo nan preske 2 zan.

Premye minis izrayelyen an, Benjamin Netanuahu, ak prezidan palestinyen an, Mahmoud Habbas, te rankontre ak sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton jedi 2 septanm 2010 la nan Washington pou yo te fè deklarasyon ki ouvè chita-tande yo.

Chèf diplomasi amerikèn nan di Lèzetazini pote yon apui total bay negosyasyon yo. Madam Clinton deklare: “Lèzetazini pote yon apui total-kapital bay rankont sa yo; e nou pral rete yon patnè aktif nan yon asosyasyon k ap dire lontan."

Kounyela a, yon repòtaj sou sa k te fèt nan Washington mèkredi 1 septanm 2010 la pou prepare negosyasyon yo.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj Lavwadlamerik. - Prezantasyon Jacquelin Bélizaire ak Marie Luce Pierre.

XS
SM
MD
LG