Accessibility links

Breaking News

Negosyasyon Difisil ap Kontinye Sou Dèt Nayonal Lèzetazini an


Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama

Gwo negosyasyon kontinye nan Washington dewoule sou yon antant posib pou redwi depans yo e evite yon sitiyasyon kote Lèzetazini pa ta ka peye dèt li.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, fè chita-tande byen ta jedi 21 jiyè 2011 la nan Lamezon Blanch avèk gwo senatè demokrat yo (pami yo genyen lidè majorite a, Harry Reid, ak depite demokrat Nancy Pelosi, lidè minoritè nan Chanm dè Reprezantan an.

Avan sa, pòtpawòl Mezon Blanch la, Jay Carney, te demanti nouvèl ki sòti nan laprès pou fè konnen Prezidan Obama ak Prezidan Chanm dè Reprezantan an, repibliken John Boehner, ta sou wout pou yo jwenn yon akò enpòtan.

Sepandan mesye Carney di Lamezon Blanch “gen anpil konfyans” Kongrè a ap fin pa deside mete limit dèt peyi a nan yon nivo ki pi wo; jounen jodiya dèt la monte rive 14 trilyon 300 milya dola. Si 2 pati yo pa rive antann yo pou yo ogmante chif dèt la, aprè 2 zout 2011 Lèzetazini pap kapab peye dèt-li; e se premye fwa sa ta rive nan tout listwa peyi a.

XS
SM
MD
LG