Accessibility links

Breaking News

Etazini ak Lafrans Fè yon Chita Tande Sou Misyon yo nan Afganistan


US Defense Secretary Leon Panetta (L) chats with NATO Secretary General Anders Fogh Rasmussen before a North Atlantic Council meeting at a NATO Defense Ministers meeting in Brussels, February 2, 2012.
US Defense Secretary Leon Panetta (L) chats with NATO Secretary General Anders Fogh Rasmussen before a North Atlantic Council meeting at a NATO Defense Ministers meeting in Brussels, February 2, 2012.

Sekretè jeneral l’OTAN an, Anders Fogh Rasmussen, fè konnen kalandriye òganizasyon an pou l fè tranzisyon an nan Afganistan toujou valab, malgre anons Lèzetazini ak Lafrans fè sa pa gen lontan pou di misyon kowalisyon an ta dwe chanje.

Minis defans ameriken an, Leon Panetta ak prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy, yo tou lè 2 lanse lide pou kowalisyon an mete fen nan misyon konba l yo an 2013, swa plis ke yon lane anvan dat l OTAN te prevwa nan plan li yo.

Daprè Misye Panetta ak Prezidan Sarkozy toujou, alyans atlantik la ta dwe transfòme misyon an pou fè l tounen yon pwogram antrenè ak konseye pou lame afgàn nan ant 2013 e 2014.

Anvan yon rankont minis defans l’OTAN yo dewoule nan Brusèl, Misye Rasmussen deklare alyans la pral kenbe plan li genyen pou l kontinye operasyon-li-yo an Afganistan juska an l’an 2014.

XS
SM
MD
LG