Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: Dosye Jijman Prezidan Donald Trump la Ale Devan Sena a


Prezidan Chanm Depite a, Nancy Pelosi (D-Kal) ki t ap siyen rezolisyon ki transmèt chèf dakizasyon kont Prezidan Trump yo devan Sena a.
Prezidan Chanm Depite a, Nancy Pelosi (D-Kal) ki t ap siyen rezolisyon ki transmèt chèf dakizasyon kont Prezidan Trump yo devan Sena a.

Prezidan Chanm Depite Lèzetazini an, Nancy Pelosi, chwazi palmantè ki pral sèvi kòm “manager” ou “sipèvizè” pou prezante e defann pozisyon majorite demokrat la nan Chanm Bas la nan kad pwosè ki pral dewoule nan Sena a nan dat 15 fevriye 2020 an, daprè desizyon otorite konsène yo nan Kongrè a pran nan mitan jounen jedi 16 janvye 2020 an. Pwosesis jijman Prezidan Trump la evolye konsa yon jou aprè Madam Peloci te siyen dokiman ki rezime 2 chèf dakizasyon Lachanm nan retni kont Prezidan an epi li te transfere yo devan Sena a.

Dapre règleman Kongrè a, fòk “manager” yo oubyen “sipèvizè” yo se manm Chanm Bas la, e kantite a kapab varye. Pou sa ki te gen rapò ak jijman kont Prezidan Bill Clinton nan an 1998, kantite a sete 13. Pou jijman Prezidan Donald Trump la, Prezidan Lachanm nan, Nancy Pelosi, chwazi 7 depite. Alòs ke, dapre règleman yo, “manager” yo kapab sòti nan tou lè 2 pati yo, Madam Pelosi chwazi 7 palmantè demokrat pou pwosè sa a. Men lis konplè “manager” yo: Adam Schiff, prezidan ekip “manager” yo; epi Depite Jerry Nadler, Depite Zoe Lofgren, Depite Hakeem Jeffries , Deite Val Demings, Depite Jason Crow avèk Depite Sylvia Garcia, manm.

Pandan dewoulman pwosè a, tou lè 100 manm Sena a pral sèvi kòm manm yon jiri pou deside si Prezidan Trump koupab ou pa. Pèsonalite ki va prezide jijman an, se Prezidan Kou Siprèm nan, John Roberts. Aprè pwosè a, tout “manager” yo pral retounen nan pòs yo okipe nan Lachanm nan.

XS
SM
MD
LG