Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Kominike Kò Gwoup la Pale de Kriz Gaz la ann Ayiti


A man carries containers used for oil and gasoline during fuel shortages in Port-au-Prince, Haiti October 30, 2021. Picture taken on October 30, 2021.
A man carries containers used for oil and gasoline during fuel shortages in Port-au-Prince, Haiti October 30, 2021. Picture taken on October 30, 2021.

Kò Gwoup la (ki gen ladann Anbasadè Etazuni, Almay, Brezil, Kanada, Espay, Lafrans, Inyon Ewopeyen an, ansanm ak Reprezantan Espesyal Òganizasyon Eta Ameriken yo ak Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an BINUH, enkyè pwofondman akoz pwoblèm distribisyon pwodui petwolye yo ki afekte peyi a depi plizyè semèn, li kreye yon enpak imanitè, ekonomik ak sosyal sou popilasyon ayisyen an.

Manm gwoup la kondane zak kriminèl vyolan ke bandi ame yo ap mennen e ki lakoz pep ayisyen an ap soufri.

Gwoup la mande pou tout aktè politik ak ekonomik nan peyi a aji yon fason responsab nan enterè pèp ayisyen an, epi pou yo bay priyorite retablisman lalwa ak lòd.

XS
SM
MD
LG