Accessibility links

Breaking News

Nan Washington, Lapolis Pral Re-Enstale Klotu Capitol la


Foto Achiv: Capitol la, ki se syej palman Ameriken an antoure ak yon klotu.
Foto Achiv: Capitol la, ki se syej palman Ameriken an antoure ak yon klotu.

Otorite yo nan Washington gen ke sote pou posibilite pou dezod ta pete pandan yon manifestasyon ki pral fet semen pwochenn - kidonk yo gen entansyon re-enstale yon klotu pou pwoteje Capitol la. Se pral menm stil klotu yo te mete an plas apre atak kite fet sou syej palman Ameriken an 6 Janvye pase a.

Yon moun ki ranseye sou plan sa a te pale ak Associated Press sou kondisyon ke yo pa site non'l.

Lapolis poko presize ki mezi yo pral pran, ni kile yo pral anonse desizyon an. Lide la Chanm nan, Nancy Pelosi te fe aluzyon a mezu sa a nan konferans pou la pres li fe chak Mekredi, le li deklare mezi siplemante pral an plas pou manifestasyon 18 Septanm nan.

"Nou gen entansyon pwoteje entegrite Capitol la," Madan Pelosi te deklare.

Nan jou kap vinn la yo, otorite yo atann yo aske pral gen rankont ak palmante yo epi lide kongre a pou diskite sou plan sa yo.

XS
SM
MD
LG