Accessibility links

Breaking News

Libi: Rebèl yo Repouse Fòs Gouvènmantal yo nan Vil Misrata


Libi: Rebèl yo Repouse Fòs Gouvènmantal yo nan Vil Misrata
Libi: Rebèl yo Repouse Fòs Gouvènmantal yo nan Vil Misrata

Nan Libi, rebèl yo fè konnen yo fè kèk pwogrè nan vil Misrata ke fòs gouvènmantal yo antoure, pandan Nasyonzini lanse apèl pou l mande asistans nan efò l ap fè pou l pote sekou bay moun k ap eseye pati kite peyi a pa bato.

Daprè rebèl yo toujou, yo rive repouse fòs ki fidèl ak rejim kolonèl Mohammar Khadafi yo, ki oblije rekile pi lwen vil la.

Pandansetan ajans l’ONU ki okipe zafè refijye a lanse apèl bay peyi manm Inyon Ewòp la ak kaptenn bato ki nan rejyon Meditèrane a, pou mande yo ede moun k ap kouri kite Libi pou yo evite vyolans k ap dewoule nan peyi a.

XS
SM
MD
LG