Accessibility links

Breaking News

Jeneral Henri Namphy, Ansyen Prezidan Pwovizwa d Ayiti, Mouri. Li te Genyen 85 An.


Henri Namphy, kòmandan an chèf l'Ame d Ayiti e prezidan Konsèy Nasyonal Gouvènman Pwovizwa 1986 la (KNGP).
Henri Namphy, kòmandan an chèf l'Ame d Ayiti e prezidan Konsèy Nasyonal Gouvènman Pwovizwa 1986 la (KNGP).

IN MEMORIAM: JENERAL HENRI NAMPHY

Henri Namphy, youn nan figi ki domine istwa FAD’H (Fòs Zame d Ayiti) an patikilye ak istwa Peyi Dayiti an jeneral pandan fen ane 80 yo, mouri nan Repiblik Dominikèn nan dat 26 jen 2018 la. Li te genyen 85 an. Sete yon pitit Gran Nò a (li te pran nesans nan Grande Rivière du Nord nan dat 2 novanm 1932), ki te monte tout echelon yo nan sèvis Leta a, pa sèlman nan domèn militè a, men tou nan administrasyon piblik la. Kòm yon pwofesyonèl dè zam, sete yon manm pwomosyon ki te sòti nan “Académie Militaire d’Haiti” nan okazyon selebrasyon Tri-Senkantnè peyi a an 1954.

Daprè pwofesè e istoryen Anthony Georges-Pierre, sòti nan Grand Rivière du Nord pou rive nan pi wo nivo vi piblik e politik ayisyèn nan, Henri Namphy te gen yon pakou byen long, okipe e menm boulvèse pou l swiv. Pwofesè Georges-Pierre di nou youn nan epizòd difisil, “peripesi grav” ki te make karyè militè Namphy, sete tout kalite jimnastik ki te nesesè pou l te siviv egzekisyon 19 ofisye sou rejim François Duvalier a nan mitan ane 60 yo sou akizasyon deske yo te mele nan konplo pou ranvèse gouvènman an an favè yon bofis prezidan an, Max Dominique.

Ekstrè yon entèvyou Serge Michel fè avèk pwofesè e istoryen Anthony Georges-Pierre sou lavi ak karyè Jeneral Henri Namphy.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:32 0:00

De grad an grad, Henri Namphy ta pral pozisyone l byen ase sou gouvènman Jean-Claude Duvalier a, siksesè F. Duvalier e ki te preske rive nan yon peryòd "fin de règne”- pou l dirije Haut Etat Major FAD'H (Forces Armées d'Haiti), yon pòs li ta pral okipe rive jous nan depa prezidan an pou legzil le 7 fevriye 1986. Anvan JCD te pran avyon pou Lafrans, li te prezide fòmasyon yon gouvènman pwovizwa (Konsèy Nasyonal Gouvènman Pwovizwa, KNGP) ki te gen jisteman kòm prezidan Jeneral Henri Namphy epi 5 lòt manm: Jeneral William Regala, Kolonèl Max Valès, Kolonèl Prosper Avril, jiris e pwofesè Gérard Gourgue, epi ansyen minis travo piblik, Alix Cenéas.

Sou gouvènman Namphy a (7 fevriye 1986 - 7 fevriye 1988) ki te gen kòm slogan "Vive la nation haïtienne à tout jamais unie", Ayiti te sipoze genyen premye eleksyon li nan peryòd post-divalyeris la. Vrèmanvre, nan dat 29 novanm 1987 -swa plis pase 1 an edmi aprè ranvèsman ansyen rejim nan- eleksyon te fikse pou dewoule pou pèmèt pèp la eli premye lidè li nan yon swadizan "eleksyon lib, onèt e demokratik", jan pawòl la t ap pale nan milye politik yo an patikilye e atravè tout peyi a an jeneral; an fèt, ekspresyon "eleksyon lib, onèt e demokratk" la te vin fè pati vokabilè familye tout sitwayen ayisyen.

Wi, anpil obsèvatè avize e sitou mas annalfabèt la, ki pa konn ni li ni ekri, te kwè nan pwomès KNGP a ak premye konsèy elektoral pwovizwa a (KEP) ki te fè kwè yo pare pou òganize "premye eleksyon demokratik" nan tout istwa peyi a. Sepandan, si ofisyèl yo nan KEP a (avek dè nèg entèg e pafwa britalman sensè kòm pwofesè Emmanuel Ambroise) te gen bòn entansyon e yo pa t nan "voye wòch kache men", nan KNGP a menm otorite yo te byen konnen pwomès la sete "pawòl nan bouch", paske yo pa te sòti vrèman pou yo kite "eleksyon lib, onèt e demokratik" dewoule nan Peyi Dayiti.

Jou dimanch 29 novanm 1987 la, pandan yon foul sitwayen ak sitwayèn te mete yo an liyn pou yo t al jete bilten yo nan biwodvòt ki te nan Ruelle Vaillant, sou Avenue John Brown (Lalue), enkoni ame te parèt toudenkou epi yo te ouvè kout zam otomatik sou elektè yo. Rezilta a sete yon masak ki ta pral entèwonp dewoulman eleksyon an, paske li te simaye latwoublay nan kapital la: te gen dezòd toupatou nan Pòtoprens, manm gwoup pwofesyonèl defans dwamoun (sitou defansè libète laprès) te anba menas nan yon tèl pwen ke kèk jounalis, ayisyen kou etranje, te bezwen pwoteksyon diplomatik pou yo pa t viktim nan okazyon an. Daprè yon repòtaj jounalis Yves Colon, korespondan Lavwadlamerik ki te anvwaye espesyal ann Ayiti, si se pa t entèvansyon pèsonèl e dirèk direktè Sèvis Kiltirèl anbasad amerikèn nan, Jeff Lite, anpil kòlèg li te kapab pase yon move kadè jou sa a.

Evennman istorikman tris nou rakonte la a ap rete makonnen ak eritaj Jeneral Namphy, menm jan yon lòt evennman plen kontwovès ap make "à tout jamais" rejim pwovizwa li a, an palan de koudeta Prezidan Leslie François Manigat te pran nan men yon lame ki te anba direksyon li kòm kòmandan Haut Etat Major la... menm jan Jeneral Namphy, li menm tou, ta pral pran yon koudeta pa lontan aprè sa nan men kanmarad dam li yo e ofisye siperyè nan lame a.

Nap repete, anfen, prezidan Konsèy Nasyonal Gouvènman Pwovizwa 1986 la te kite Ayiti sa gen plizyè ane pou l t al tabli li Sen Domeng kote li rann dènye soupi li nan dat 26 jen 2018 la. Se pou nanm li repoze an pè.

---------------------------------------------------------------------------------------------

(Se ekstrè yon atik sou lavi ak karyè Jeneral Henri Namphy, kòmandan "Haut Etat Major" Lame Dayiti e ansyen prezidan pwovizwa ayisyen).

XS
SM
MD
LG