3 sòlda etranje pèdi lavi yo nan 2 atak separe ki fèt nan peyi a. L’OTAN, Òganizasyon Trete Atlantik Nò a, fè parèt vandredi 30 jiyè a yon kominike kote li fè konnen tou lè 3 militè yo tonbe jedi 29 jiyè a nan yon atak ak ekspozif enpwovize ki dewoule nan pati sid Afganistan. L’OTAN pa presize nasyonalite viktim yo nan kominike li a.
Sepandan, ajans nouvèl Associated Press ekri pou l di tou lè 3 se ameriken—sa ki mete kantite manm lame amerikèn nan ki mouri (pou mwa jiyè a sèlman) nan Afganistan a 63.
Bilan sa a fè jiyè 2010 la pase pou mwa pi mòtèl pou twoup Lèzetazini yo depi kòmansman lagè a, sa gen 9 van.