Accessibility links

Breaking News

Move Tan nan Sidès Lèzetazini Reprezante yon Danje Mòtèl Pou Popilasyon an


Askewville, N.C. AP Photo/Jim R. Bounds)
Askewville, N.C. AP Photo/Jim R. Bounds)

Isit Ozetazini, responsab ijans yo fè konnen genyen anviwon 80 moun mouri nan pati Sidès peyi a akoz gwo lapli , tònad loraj, lagrèl ki frape rejyon an.

Move tan sa a frape vil Tusca-llosa nan Alabama kote majistra a fè konnen tònad la bloke yon pakèt kote nan vil la.

Gen tònad tou ki touche vil Birmingham nan Alabama. Gouvènè Alabama a, Robert Brantley di jounalis yè swa tanpèt sa a reprezante yon gwo kokenn eveneman , yon evenman mòtel e li avèti gen lòt move tan vyolan ki sout wout toujou.

Prezidan ameriken an Barack Obama deklare yon eta dijans federal pou Alabama kote li otorize asistans pou tout 67 awondisman l yo.

Prezidan Obama te tou pwofite sali “efò ewoyik popilasyon an devan trajedi sa a .

XS
SM
MD
LG