Accessibility links

Breaking News

Mouvman Rebelyon an ap Ranfòse nan Libi


Mouvman Rebelyon an ap Ranfòse nan Libi
Mouvman Rebelyon an ap Ranfòse nan Libi

Nan Libi, konbatan ki rete fidèl ak lidè peyi a, Muammar Gaddafi, ap ranfòse yon kontwòl sere sou kapital la, Tripoli, nan moman yon mouvman leve-kanpe popilè k ap grandi, finn anvayi mwatye lès peyi a.

Fòs anti-gouvènmantal yo rive ranfòse kontwòl yo sou prensipal vil ki nan rejyon an, e yo sèmante y ap finn pa libere Tripoli.

Oganizatè mouvman rebelyon an nan kapital la --kote misye Gaddafi genyen baz li-- lanse apèl pou yo mande plis manifestasyon jedi 24 fevriye 2011 la ak demen vandredi a, e sa vin ranfòse posiblite pou lòt konfwontasyon fè plis san koule nan vil la.

Pandansetan, manifestan ki gen apui manm lame a ki tounen kont gouvènman an kontinye konsolide kontwòl yo sou prèske tout pati lès peyi a, swa sou tout kòt Libi ki genyen mil 600 kilomèt de longè, kote yo enstale gouvènman lokal ak pòs-enspeksyon pou kontwole prensipal wout yo.

XS
SM
MD
LG