Accessibility links

Breaking News

6 Moun Mouri Apre yon Ti Avyon Tonbe nan Kafou


Lapolis veye yon ti avyon ki tonbe nan komin Kafou, Potoprens, Mekredi 20 Avril 2022.
Lapolis veye yon ti avyon ki tonbe nan komin Kafou, Potoprens, Mekredi 20 Avril 2022.

Yon ti avyon tonbe Mèkredi apremidi nan zon Kafou andeyo Potoprens. Gen 5 pasaje yo ak pilot la ki mouri, dapre otorite Ayisyen yo.

Avyon an te soti Potoprens pou'l al nan vil Jacmel, ki sitye sou kot Sid Ayiti le li eseye fe yon aterisaj dijans nan komin Kafou. Se konsa li te frape yon kamyon ki tap transpote bwason gazez, dapre Pierre Belamy Samedi, komisè lapolis rejyon an. Chofè kamyon an mouri nan aksidan an, dapre Samdi.

Pilot la, ke yo idantifye kom Amado Gutierrez, moun Repiblik Dominikèn te blese grav e yo te ranspote'l lopital, kote li te mouri pi ta.

Aviyasyon Nasyonal Ayiti idantifye avyon an kom yon Cessna 207.

Korespondan VOA Kreyol Matiado Vilme ki te sou plas.

Yon chofe kamyon ki tap kondwi nan zon nan tou esplike sak pase li.

"M'te jis nan kamyon an e mwen pase an 4em epi mwen tande yon bagay tonbe sou machin nan epi li chavire," chofe a, ki tap resevwa swen lopital di VOA. "M'pa konn anyen anko se apre mwen tande se avyon." Misye di li te gen 3 travaye ak menaj li ansanm ave'l nan kamyon an.

Nan yon entevyou ak VOA, yon lot temwen aksidan an plenyen pou di aktivite gang yo nan zon sa a ki rann lavi sitwayen yo enposib lakoz yo oblije pran avyon pou rive nan Sid peyi a.

"Bagay sa a ki rive jodia se yon grav pwoblem li ye. Se mank de sekirite, pwoblem peyi a ki rann tout sa paske si te genyen yon solisyon, yon pasaj - sa te ka pa rive jodia," li di VOA. "Paske si moun yo te ka pase Matisan yo taka fe tout bagay. Matisan vin yon pwoblem pou nou Kafou noumenm. Pi gwo pwoblem pou nou Kafou se Matisan."

Majistra Kafou, Jude Edouard Pierre bay opinyon pa li.

" Fok nou gade ansanm kisa nou dwe fe paske pwoblem Matisan fe ke gen yon miltiplikasyon vol nan ti avyon sa yo, e nou we tou ke gen anpil aksidan, anpil crash kap fet," majistra a di VOA. " Sa fe 3em ti avyon ki tonbe e nou we gen anpil moun ki soti a l'etranje kap antre lakay yo nan Gran Sid ki oblije pran ti avyon sa yo. E ta sanble pa gen gran mezi de sekirite nan ti avyon sa yo."

Majistra a ajoute ke leta ta dwe travay pou rezoud pwoblem sa a.

Premye Minis Ariel Henry pibliye yon mesaj sou kont ofisyèl Twitter li a pou prezante senpati li bay fanmi viktim yo.

Ensidan an rive 9 mwa apre yon lot ti avyon prive ki tapral Jacmel te fè kolizyon tou pre Potoprens. Tou le 6 pasaje abo yo, pami yo 2 misyonè Ameriken te pèdi lavi yo.

Pandan semèn ki pase yo kidnaping ak zak vyolans gang yo rekomanse ogmante nan zon Matisan, yon rejyon moun oblije pase pou rive nan vil ki sitye nan Sid la yo.

Kek enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG