Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Moskou ak Peken sou Somè Amerikano-Nò-Koreyen an


Prezidan Donald Trump (adwat) ak lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un.
Prezidan Donald Trump (adwat) ak lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un.

Larisi avèk Lachin fè konnen, daprè yo, somè ki te mete Prezidan ameriken an, Donald Trump, fas-a-fas ak lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, se yon somè ki ba yo rezon e ki montre yo pran yon bon pozisyon sou kesyon difisil ki konsènen denikleyarizasyon Kore di Nò a.

Sepandan analis k ap etidye kesyon an, pa tèlman panse somè a bay rezilta anpil moun kwè a -tankou sa k di nan anons Prezidan Trump ki fè konnen "rezilta somè sa a pral pèmèt li mete fen nan jwèt lagè a sou Preskil Kore a."

Daprè kèk analis, non sèlman anons Prezidan Trump la pa an akò avèk enterè Kore di Nò, men tou li pa kadre avèk kèk objektif stratejik enpòtan Lachin. Pou Kremlen an "somè a montre Prezidan Putin te gen rezon di se yon dyalòg dirèk sèlman ki ka redui tansyon an sou preskil la."

XS
SM
MD
LG